Hesperian Health Guides
Poukisa gason bat fanm?
Lè yon gason fin maspinen yon fanm, li ka jwenn anpil pretèks pou bay tèt li rezon - li te bwè twòp, li te pèdi kontwòl li, oubyen fanm nan jwenn sa l “merite”. Men gason chwazi sèvi ak zak maspinay paske, ak zak sa yo, yo ka jwenn sa y ap chache oubyen sa ka pèmèt yo egzèse dwa “gason” yo kòm sa dwa.
Lè yon nèg santi l manke pouvwa sou pwòp tèt li, li gen dwa sèvi ak zak maspinay pou l eseye mete kontwòl sou lavi lòt moun, men li pa bon ditou pou moun eseye kontwole lavi lòt moun, sitou si se ak zak kraze brize. Men de twa rezon ki fè kèk gason pran abitid maltrete fanm:
Tout bagay sa yo montre poukisa gason konn leve men sou fanm, men sa pa vle di se dwa gason pou yo fè zak malonèt konsa.
- Zak maspinay konn bay rezilt
- Sa ka pèmèt gason an mete pwen final nan yon diskisyon san pèdi tan, san l pa bezwen kontinye pale sou vrè pwoblèm nan, san l pa bezwen kontinye chache yon bon jan solisyon.
- Gen gason ki gen dwa pran plezi nan maspinen fanm. Sa fè yo santi yo gwo nèg. Konsa, y ap toujou anvi rekòmanse, pou yo ka toujou jwenn menm plezi a.
- Si, ak zak maspinay, nèg la rive “pote laviktwa” epi li rive jwenn sa l bezwen an yon premye fwa, viktim nan ap toujou pare pou l bay legen yon lòt fwa ankò, yon fason pou l pa pran pataswèl. Se kon sa, malandren an ap pran plis pye sou fi a
- Misye a gen move lide sou wòl yon “gason toutbon” dwe genyen.
- Si yon nèg kwè li dwe met kontwòl sou tout sa madanm li ap fè, pou l ka santi l “gason”, li gen dwa pa maltrete fanm sa a san remò.
- Gen kèk gason ki santi se nòmal pou yo gen kèk bagay. Se pou yo gen: yon “bon” fanm, pitit, wòl chèf nan fanmi an, paske se gason ki non yo.
- Misye a gade fanm nan tankou yon tè oubyen yon kay li posede, oubyen li gen dwa konsidere fanm nan tankou “yon mal nesesè”.
- Si fanm nan gen fanm sou li, nèg la gen dwa pè pèdi madanm li, oubyen tou, misye ka kwè yon fanm konsa pa bezwen l. Pazapa, misye ka chache fè yon jan pou l pran plis pye sou manmzèl.
- Misye a gen dwa pa menm konnen si l ta bon pou l chanje konpòtman.
- Si, depi lè l te tikatkat, nèg la te toujou wè papa l oubyen lòt moun ap fè zak kraze brize, chak fwa yon pwoblèm prezante oubyen chak fwa yo gen tèt yo chaje, li gen dwa pa t janm aprann aji lòt jan.
- Si yon gason gade fanm ak jenn ti demwazèl menm jan ak tè oubyen kay li posede, l ap toujou santi l gen dwa pou l fè sa l pi pito ak yo.
Anpil fwa, nou jwenn vyolans ak abi nan yon rapò fanm ak gason paske youn nan 2 moun yo gen plis pouvwa sou lòt la.