Hesperian Health Guides
Kisa pou n fè
NESESITE POU N TABLI YON PLAN SEKIRITE
Yon fanm pa gen ankenn kontwòl sou vyolans mari l ka fè sou li. Men li gen dwa chwazi kouman pou l aji anfas vyolans. Li gen dwa menm prepare yon plan pou pwoteje tèt li ansanm ak pitit li, annatandan nèg la kite metye a.
| Chache yon moun nou fè konfyans e ki ka ede n wè klè nan tèt nou, lè n ap gade ki sa n ka fè. |
Reflechi sou pwen sa yo, menm si n kwè nou p ap janm sibi zak maspinay ankò.
Anvan nèg la kòmanse kraze brize, men sa pou n fè
- Pale sou sa ak yon moun ki pre nou. Mande l pou l vin pote n sekou lè l tande nou nan pwoblèm. Petèt yon vwazen, yon gason nan fanmi nou, yon gwoup fanm oubyen yon gwoup gason ka gen tan debake anvan n pran move pataswèl.
- Antann nou ak timoun yo oubyen ak yon lòt moun nan fanmi an sou yon mo oubyen sou yon siyal. Yon fwa yo tande mo a oubyen siyal la, y ap konnen pou y al chache èd.
- Montre timoun yo kijan pou yo chache met tèt yo an sekirite.
Pandan n ap sibi maspinay la, men sa pou n fè
- Si n sispèk lè nèg la pral dechennen, se pou n òganize n pou n pa rete kote l ka jwenn zam oubyen lòt bagay pou l frape n. Nou pa dwe rete tou kote ki jennen, yon fason pou n ka chape poul nou, sizoka pa ka.
- Fè tèt nou travay. Fè tout sa nou kapab pou fè Misye met dlo nan diven l, dekwa pou n pwoteje lavi nou ak lavi timoun.
- Si nou vle chape poul nou, reflechi pou nou wè kijan n ap fè sa. Ki pi bon kote nou ka ale?
| Eske pa gen anyen
nou ka fè pou n fè ti kòb? |
Si n pare pou n kite, ki sa pou n fè
- Fè tout sa n kapab pou n gen ti lajan sere. Mete lajan sa a yon bon kote (fòk se pa andedan kay la) oubyen ouvri yon kont labank sou non nou pou n ka pa gen twòp pwoblèm pou n debouye n poukont nou.
- Mande zanmi nou oubyen fanmi nou yon ti kote lakay yo pou n fè yon ti rete. Nou k ap mande yo prete n ti kòb tou. Men fòk nou fè yo konnen pou yo pa di nèg la sa.
- Fè fotokopi tout papye enpòtan tankou kat idantite nou, kat vaksinasyon timoun yo. Sere yon kopi lakay nou epi bay yon moun nou fè konfyans sere yon lòt kopi.
- Kite lajan, kopi dokiman, ak kèk rad anplis kay yon moun nou fè konfyans pou n ka chape poul nou san pèdi tan.
- Si n ka fè sa san pwoblèm, se pou n fè repetisyon ak timoun yo pou n wè si plan an anfòm. Fòk nou pa bliye mande timoun yo pou yo fè kwa sou bouch yo, pou pèsonn pa konnen sa k ap regle.
SI N AP KITE
Si n deside met deyò, fòk nou prepare n pou n fè fas ak yon bann lòt pwoblèm.
Pwoblèm sekirite. Moman ki gen plis danje pou yon fanm se lè li fèk chape anba men nèg la; misye ka chèche fè tout sa l kapab pou l fè fanm nan tounen. Li ka menm vle touye l. Fòk fanm nan òganize l pou l jwenn yon bon kote pou l rete, yon kote nèg la pa konnen, yon kote l ap jwenn pwoteksyon. Li pa dwe di pèsonn ki kote l ye. Nèg la gen dwa fòse lòt moun di l ki kote manmzèl ye.
Kijan pou n debouye n pou n viv pou kò n. Fòk nou jwenn yon mwayen pou ni nou menm ni timoun yo ka jwenn yon moso lavi. Si n jwenn chans fè ladesant kay fanmi oubyen kay zanmi, se pou n pwofite al lekòl oubyen al aprann yon metye. Pou n fè ti ekonomi k ap pèmèt nou lwe kay, li ta bon pou n ta met tèt nou ansanm ak yon lòt fanm ki t ap sibi maspinay tou.
Plis enfòmasyon
Mete yon gwoup solidarite sou pyePwoblèm santimantal. Lè nou konsidere tout sa nou dwe fè pou n refè vi nou, nou ka santi chay la twò lou. Nou ka gen laperèz, nou ka santi nou lage poukont nou paske nou pa abitye viv poukont nou, yon kote nou pa abitye. Nou ka sonje nèg la tou malgre tout sa l fè n pase. Lè bagay yo pa bon menm, nou ka menm bliye ki kalite mati li te konn fè n pase. Nou pa bezwen wont poutèt nou sonje mari n ak vi nou t ap mennen anvan an. Antouka eseye kenbe fèm. Chache konnen si pa gen lòt fanm ki nan menm sitiyasyon avè n. Ansanm ansanm youn ka ede lòt.