Hesperian Health Guides

Seksyalite ak sante seksyèl

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Veye pou lòt moun pa pran avantaj sou ou. Ou ka gen pwoblèm pou w pwoteje tèt ou kont vyolans ak abi.

Plis enfòmasyon
vyolans
Sante seksyèl

Anpil moun kwè fanm ki gen enfimite pa kapab oubyen pa ta dwe gen anvi fè bagay. Yo pa kwè medam sa yo bezwen mennaj, ni pitit. Men, anreyalite, fanm ki gen enfimite konn anvi gen mennaj epi fè kò yo dous, menm jan ak tout lòt fanm.

Si w fèt ak enfimite a, oubyen si sa rive w depi lè w te tou piti, li ka difisil anpil pou w kwè gason ka anvi. Anpil fwa, pi bon fason pou w chanje lide, se pale pou w pale ak lòt fanm ki gen enfimite sou dout yo te genyen sou pwòp tèt yo. W ap wè kijan yo menm, yo te rive regle pwoblèm sa a ak tèt yo. Men, pa bliye, fòk ou gen pasyans. Moun pran tan, anvan yo rive dechouke vye lide ki chita nan tèt yo depi dikdantan.

Si w te deja gran, lè w vin gen enfimite a, ou ka deja konn tèt ou kòm yon moun ki konn sa yo rele sèks. Men ou ka pa konnen si w ap toujou ka kontinye pran plezi nan kontak seksyèl. Ou ka panse moun pa p anvi w ankò epitou ou gen dwa gen anpil tristès poutèt ou pa ka fè bagay jan w te konn abitye fè sa lontan.

Sou kesyon sèks, menm enfòmasyon ki bon pou tout lòt fanm ap bon tou pou fanm ki gen enfimite. Eseye jwenn plis eklèsisman nan men lòt medam yo, nan men pwofesè ou fè konfyans, nan men travayè sante epi nan men lòt fanm ki gen enfimite.

a man and woman with their arms around each other while sitting in wheelchairs Si w gen relasyon ak yon gason, ou dwe deside ansanm avè l sa k bon pou nou tou 2. Paregzanp, si w pa sansib ni nan men w, ni nan vajen ou, ou ka jwenn lòt pati nan kò w ki dous, tankou zòrèy ou, tete w oubyen kou w. Se sa pou w fè tou, si, akòz yon enfimite, ou mal pou fè sèks nan vajen ou. Ou ka eseye diferan pozisyon tou, tankou: kouche sou bò gòch oubyen bò dwat ou osinon apiye sou manch chèz ou. Men, pa bliye, ou pa gen pou reziyen w ak sa w jwenn. Ou pa gen pou w fè bagay ak moun ki pa renmen w.

a young woman with crutches looking at a sign on a wall
PLANIN FAMILYAL
Condom
Espèmicid
Dyafram
Kapòt fanm
Alètman
Grenn
Inplan
Piki
DIU
Metòd mikis

Planin familyal

Anpil ti demwazèl ki gen enfimite grandi san yo pa jwenn enfòmasyon ni sou kontak seksyèl, ni sou planin familyal. Alòske pifò fanm ki gen enfimite ka ansent - e menm sila yo ki pa gen ankenn sansasyon anba ti vant ka ansent. Se poutèt sa, ou dwe suiv yon metòd planin, si w vle fè bagay san w pa ansent.

Si w te fè yon aksidan serebral, oubyen si w pa ka mache epi w oblije chita oubyen kouche toutan, planin familyal pa itilize metòd òmonal yo, sètadi, grenn, piki oubyen enplan. Yo ka ba w boul san.

Si w pa gen ankenn sansasyon oubyen si se yon ti kras sansasyon sèlman ou gen nan vant ou, pa mete esterilè. Si l pa byen chita, oubyen si gen posiblite pou w gen yon maladi seksyèlman transmisib, esterilè a ka ba w enfeksyon. Kòm ou pa gen sansasyon nan vant ou, ou gen dwa pa menm konnen si w enfekte.

Kapòt ap bay pwoteksyon ni kont gwosès, ni kont VIH/ SIDA ak lòt MST yo.

Si w gen pwoblèm pou w sèvi ak men w, ou ka gen pwoblèm tou pou w sèvi ak metòd baryè yo, tankou dyafram, kapòt pou fanm, oubyen espèmisid ki sou fòm mous. Si w santi w alèz pou w mande mennaj ou konkou, petèt l ap ka mete sa w vle itilize a pou ou.

Si enfimite w genyen an ap chanje fòm firanmezi tan ap pase, ou ka sètoblije kite yon metòd planin pou w sèvi ak lòt firanmezi chanjman ap fèt nan kò w.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025