Hesperian Health Guides
Sekirite pèsonèl
Kòm yon fanm ki gen enfimite ka gen mwens posiblite pou l defann tèt li, li pi vit ka viktim vyolans ak abi pase yon lòt fanm. Men, gen teknik yon fanm konsa ka itilize pou l defann tèt li. Li ta bon si medam ki gen enfimite yo ta antrene an gwoup, pou yo ka maton nan teknik sa yo:
- Si w sou yon plas piblik epi yon malandren soti pou l atake w oubyen fè w abi, rele anmwe ak tout fòs ou.
Plis enfòmasyon
otodefans (defann tèt ou)- Fè yon bagay ki ka fè kè l plen. Ou gen dwa paregzanp jwe ak krache nan bouch ou (bave) oubyen ou ka eseye vomi, oubyen ankò ou gen dwa fè kòm si w fou.
- Ou gen dwa sèvi ak baton w, beki w oubyen chèz woulant ou pou w kase pat malandren an.
- Si sanzave a se fanmi ou, eseye pale de sa ak yon lòt moun nan fanmi an, yon moun ou ka fè konfyans. Li ka bon tou pou w pale sou sa apa ak yon gwoup fanm ki gen enfimite tou.
Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025