Hesperian Health Guides
Chapit 12: Sante seksyèl
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 12: Sante seksyèl

Inyorans ak laperèz, nan sa k gen rapò ak kò nou, egziste depi dikdantan.
- Wakhaka, Meksik
Kontak seksyèl se yon bagay ki nòmal nan lavi yon moun. Anpil fanm sèvi ak sa pou yo pran plezi yo, pou yo montre lanmou ak atirans yo genyen pou mennaj yo, oubyen tou pou yo fè pitit, lè yo vle.
Men sèks ka lakòz gwo pwoblèm tou, tankou paregzanp gwosès nou pa t swete. Sa ka lakòz yon fanm kontre tou ak yon seri pwoblèm ki ka mete sante l an danje, tankou Maladi Seksyèlman Transmisib yo (MST yo), oubyen ankò deranjman li ka sibi nan kò l tankou nan lespri l, lè yon malandren fè kadejak sou li.
Pou yon fanm pwoteje tèt li kont pwoblèm MST yo, fòk li gen kontwòl sou lavi seksyèl li. Pou yon fanm gen kontwòl sa a, fòk li ka:
- chwazi ki gason ki ap monte sou kabann li.
- negosye ki lè ak kijan l ap fè lanmou.
- deside si l vle ansent epi ki lè.
- pwoteje tèt li kont VIH/SIDA ak lòt MST yo.
- pa janm viktim vyolans seksyèl, pa janm fòse gen kontak seksyèl.
Se lè yon fanm gen kontwòl sa a, nou ka di li gen bon jan sante seksyèl. Men nan anpil kominote, move kwayans k ap sikile sou tout sa k konsène fanm, pa ede medam yo travay pou yo gen bon jan sante seksyèl. Chapit sa a bay enfòmasyon ak konsèy ki ka ede medam yo twoke kòn yo ak vye kwayans sa yo, pou yo ka rive gen kontwòl sou lavi seksyèl yo toutbon.