Hesperian Health Guides

Lè nou gen pwoblèm pou n fè twalèt oubyen pou n fè pipi

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Anpil fanm (ak gason) pa rive kontwole nòmalman lè yo bezwen fè poupou ak lè yo bezwen fè pipi (sitou si moun sa yo pa rete lontan pou yo viv, si yo blese nan rèl do oubyen si yo soufri yon donmaj ki aji sou misk bout anba yo). Pwoblèm sa ka chipote yo anpil. Li ka ba yo tou maladi po ak enfeksyon grav. Se poutèt sa, li enpòtan pou yo kenbe kò yo pwòp, byen seche kò a epi rete an sante

Kijan pou n kontwole zafè poupou a

Enfòmasyon sa ka ede moun ki soufri ak konstipasyon, sa vle di moun ki gen pwoblèm pou yo fè poupou. Nou ka aprann ki jan pou n fè poupou a soti lè l pi fasil pou nou. Trip nou travay pi byen lè n chita pase lè n kouche. Se poutèt sa li pi bon pou n eseye poupou pandan n chita sou yon twalèt oubyen sou yon bokit. Si n pa ka chita eseye fè sa pandan n kouche sou bò goch nou.

a woman lying on her side to remove stool, using a mirror
Es.WWHND10 Ch23 Page 372-2.png
Pou n kenbe dwèt pwòp sèvi ak yon twal gaz oubyen ak yon gan dwèt.



Kijan pou n fè poupou a soti:

  1. Mete yon gan plastik nan men nou oubyen yon gan kawotchou oubyen yon sachè plastik. Mouye dwèt jouda a ak lwil (ni lwil vejetal, ni lwil mineral bay bon rezilta).
  2. Foure dwèt ki mouye ak lwil la nan twou dèyè n jouk nou rive nan yon longè 2 cm. (1 pous). Brase dwèt la pandan 1 minit jouk misk dèyè a lache pou poupou a soti.
  3. Si poupou a pa soti, rale valè n kapab ak dwèt la.
  4. Siye dèyè n byen siye epi lave men n
Pou n evite konstipasyon
  • Bwè bon valè dlo chak jou
  • Se pou n fè yon orè pou n fè twalèt
  • Manje manje ki gen anpil fib
  • Fè espò chak jou

Ki jan pou n kontwole zafè fè pipi a

WWHND10 Ch23 Page 372-3.png
katetè

Pafwa nou oblije sèvi ak yon tib an plastik oubyen yon tib an kawotchou ki rele katetè pou n fè pipi soti nan vesi nou.

Pa janm sèvi ak katetè si n pa gen nesesite pou sa. Yon katetè ka lakòz enfeksyon nan vesi ak nan ren menm lè n sèvi avè l kòm sa dwa.

Kon sa nou dwe sèvi avè l sèlman si:

  • vesi nou plen, l ap fè n mal epi nou gen pwoblèm pou n fè pipi. Nou gen yon twou veziko-vajinal.
  • donmaj oubyen blese fè nou pa ka kontwole misk ki ede n fè pipi.


Ki jan pou n mete yon katetè:

1. Mete katetè a bouyi (ansanm ak nenpòt sereng ak lòt zouti nou ka blije itilize) pandan 15 minit.
WWHND10 Ch23 Page 373-7.png
2. Lave vajen nou byen arebò vajen nou ak savon epi rense yo ak dlo pwòp.
washing hands
3. Lave men nou. Apre sa, pa manyen anyen ki pa esterilize oubyen ankenn bagay ki pa fin pwòp.
4. Mete kèk moso twal ki byen pwòp anba ak arebò vajen nou.
WWHND10 Ch23 Page 373-3.png
5. Mete yon pè gan esterilize oubyen lave men nou ak alkòl oubyen ak yon savon antiseptik.
Ht WWHND Chap23 Page 373-4.png
6. Pase yon librifiyan sou katetè a (yon krèm glise) ki pa gen mikwòb epi ki ka fonn nan dlo (fòk se pa ni lwil, ni pomad ki fèt ak petwòl).
WWHND10 Ch23 Page 373-5.png
7. Ouvri fant vajen nou epi siye l ak yon twal koton ki pwòp epi ki mouye ak yon dlo savon ki pwòp tou. Nou ka tranpe twal la nan yon tas dlo pwòp ki melanje ak 1 kiyè tenti d yòd.
WWHND10 Ch23 Page 373-6.png
8. Si se pou kont nou n ap mete katetè a, sèvi ak yon glas pou n ka wè ki kote twou pipi a ye. Sèvi ak dwèt jouda nou ansanm ak 3èm dwèt (dwèt majè) nou pou n ouvri fant vajen an. Se anba krèk nou (tèt krèk nou) twou pipi a ye, prèske nan ouvèti vajen an.
WWHND10 Ch23 Page 373-2.png
9. Apre sa, manyen anba krèk la ak 3ème dwèt nou. N ap santi yon bagay ki tankou yon ti boul oubyen yon venn. Se anba venn sa a, sou bò dwat la, n ap jwenn twou pipi a. Kite dwèt la menm kote a epi pran katetè a ak lòt men an. Fè pwent katetè a jwenn ak bout 3èm dwèt la epi foure l tou dousman nan twou pipi a jouk pipi kòmanse soti ladan.
N ap wè si se nan vajen an katetè a antre olye l antre nan twou pipi a, paske lè sa a, pa gen pipi k ap soti nan katetè a. Epi, lè katetè a soti, l pa gen glè sou li, glè ki soti nan vajen an sou li. Rekòmanse travay la ak yon lòt katetè ki byen pwòp.
ATANSYON! Pou n evite trape yon enfeksyon lè n ap sèvi ak yon katetè, li enpòtan pou tout kò n pwòp epi pou n sèvi ak yon katetè ki esterilize, byen bouyi, byen pwòp.



Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025