Hesperian Health Guides
Ann travay pou chanjman
Travay nan tèt ansanm deja pi enpòtan pase objektif gwoup la bay tèt li. Se pou n kòmanse travay ansanm sou objektif gwoup la kwè ki pi enpòtan an.
Men kèk konsèy:
- Mete sou pye yon pwogram alfabetizasyon pou fanm ki pa konn ni li, ni ekri.
- Eseye jwenn lajan - nou kapab prete kòb kote se yon ti kraze sèlman yo mande kòm enterè oubyen tou, nou gen dwa jwenn yon don - pou n kreye yon pwojè ki rapòte kòb pou nou tout ka jwen mwayen pou n viv.
- Kòm gwoup, nou gen dwa vizite otorite lokal yo pou mande yo:
- fè jefò pou moun nan kominote a ka jwenn dlo potab, lekòl ak sant sante ki pa twò lwen, epi fè yon jan pou moun ki avèg ak moun ki soud ka jwenn sèvis sa yo tou.
- ban nou èd pou n ouvri yon bibliyotèk epi fè yon jan pou moun jwenn plis enfòmasyon sou pwoblèm enfimite.
- ede n chèche aparèy ak ekipman moun bezwen, lè yo gen enfimite.
Ann li rès lèt medam Gana yo, pou n ka wè tout sa travay nan tèt ansanm ka pèmèt moun reyalize:

Prezans nou nan Asosyasyon sa a vin ban nou yon enpòtans nou pa t genyen anvan. Sa pèmèt nou patisipe nan yon pwojè ki gen pwa. Nou jwenn yon chans tou, pou n òganize n, pou n defann dwa nou.
Pifò nan manm nou rive aprann metye. Yo aprann fè kwochè, kouti, panye, bouji. Gen ladan yo ki aprann repare soulye; gen lòt ki aprann tape nan machin (daktilo). Men kèk lòt aktivite nou fè:
- nou ankouraje medam ki gen enfimite yo pou yo patisipe nan aktivite kominote a.
- nou òganize reyinyon ak pwofesè ansanm ak paran, pou n ede yo chwazi materyèl lekòl ki bay kesyon enfimite a yon pi gwo plas.
- nou chèche mwayen pou n jwenn lajan pou n achte zouti pou n travay, aparèy ak chèz woulant pou manm nou yo.
Zanmitay ak konfyans ki egziste nan mitan fanm ki gen enfimite fè n rive jwenn anpil lòt lide tou nèf. Asosyasyon an, se nou menm menm k ap fè l mache e n ap fè l mache nan pwòp enterè pa n. Se jefò n ap fè ki ban nou kouray. Sa n ap fè la a ap fè imaj tout fanm ki gen donmaj vin pi bon.
Menm jan ak fanm nan peyi Gana yo, ou ka rive jwenn, nan lavi a, otonomi ak kapasite pou w pwodwi. Ou pa bezwen rete fèmen andedan kay. Sof si se sa w vle. Souke kò w pou w ka reyalize rèv ou, kit se rèv travay kit se rèv renmen, kit se rèv fè pitit!