Hesperian Health Guides

Fòk ou renmen tèt ou

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Lèt nou pral li kounye a, se yon gwoup fanm ki gen enfimite ki ekri l. Medam sa yo ap viv nan peyi Gana, nan lwès kontinan Lafrik. Men lèt la ta ka soti nan nenpòt lòt kote, paske toupatou sou latè, yo aprann fanm yo - sitou fanm ki gen enfimite - pa bay tèt yo valè.

Asosyasyon nou an, se fanm ki gen enfimite ki te fonde l nan lane 1989, pou yo te ka goumen pou fanm ki gen enfimite ka jwenn yon lavi miyò. Asosyasyon an gen 21 manm ki gen diferan kalte enfimite (avèg, soud, bèbè ak paralize). Nou reyini yon fwa, chak mwa, pou n brase lide sou pwoblèm nou genyen epi pou n eseye jwenn solisyon pou yo.

a small group of women with disabilities sitting together

Nou tout rekonèt nou sibi diskriminasyon anpil fwa, nou menm fanm ki gen enfimite, paske:

  • se fanm nou ye.
  • nou gen enfimite.
  • pifò nan nou malerèz.


Pou sosyete a, nou pa merite maryaj. Nan travay, yo gade n mal. Menm kote ki gen lekòl pou tout moun, demwazèl ak fanm ki gen enfimite konn gen pwoblèm pou yo jwenn edikasyon. Paregzanp, menm nan lekòl espesyal pou timoun ki gen enfimite, yo bay ti gason plis valè pase ti fi.


Yo pa ban n chans pou n aprann nenpòt metye. Nou viktim tout kalte vyolans fizik, moral tankou seksyèl. Nou pa gen dwa pran ankenn desizyon ni lakay nou, ni nan kominote a, alòske tout moun ki pa gen enfimite, kit se gason, kit se fanm, gen dwa fè sa. Men, pou nou chak ki nan Asosyasyon an, pi gwo pwoblèm lan, se manke nou manke renmen tèt nou. Sosyete a aprann nou pa bay tèt nou valè. An jeneral, pifò moun panse nou pa ka gen mari, nou pa ka fè pitit epi nou pa ka fè ankenn travay serye. Konsa, yo panse n pa vo anyen. Menm moun nan fanmi nou (matant, tonton, kouzen, kouzin, eksetera) pa aksepte n, toutotan nou poko montre yo ki jan nou ka itil yo.

—Dormaa Ahenkro, Gana

a woman leaning on a crutch while buying potatoes from a woman sitting on the ground
Plis enfòmasyon
gwoup solidarite

Kit li pa gen enfimite, kit li gen enfimite, yon fanm ki jwenn konkou fanmi l, lekòl li ak kominote a, pandan l ap chèche bay pi bon rezilta li ka bay nan lavi a, ap toujou, rekonèt tout valè li genyen. Men, si yon fanm grandi ak lide ki vle fè kwè li gen mwens valè akòz li gen yon enfimite, l ap gen pou l fè anpil jefò, anvan l rive rekonèt valè li genyen. Travay sa a pap janm fasil, men, ti pa ti pa, gen posiblite pou sa fèt.

Premye pa a, se rankontre ak lòt moun. Si w se yon fanm ki gen enfimite, ou ka eseye chita nan papòt lakay ou pou w salye vwazen yo. Apre sa, si gen posiblite, soti al fè mache epi pwofite pale ak tout moun alawonnbadè. Y ap kòmanse fè konesans avè w, y ap kòmanse konprann fanm ki san donmaj ak fanm ki gen enfimite pa vrèman diferan, youn de lòt. Apre sa, chak fwa w soti, l ap pi fasil pou w pale ak moun ou rankontre

Dezyèm pa a, se lè w fòme yon òganizasyon fanm oubyen lè w antre nan youn ki la deja. Nan pale ak lòt moun, w ap kòmanse aprann sa ki rele fòs ak sa ki rele feblès. Yon òganizasyon osnon yon gwoup ofri medam yo posiblite pou yo pale lib e libè, depi yo tout dakò pou yo pa al rakonte chita-pale ki fèt andedan gwoup la ak lòt moun deyò.

Ou gen dwa antre nan yon òganizasyon fanm ki egziste deja oubyen ou gen dwa fòme yon òganizasyon fanm ki gen enfimite. Konsa, w ap ka pataje lide w ak eksperyans ou nan sa k konsène jefò espesyal yon moun ki gen enfimite dwe fè nan lavi a. Youn ap ka soutni lòt nan bon moman tankou nan move moman.

Youn ka eseye aprann lòt la tou kijan pou l vin gen libète granmoun li (otonomi). Toupatou sou latè, nan mitan fanm ki gen donmaj yo, nou jwenn doktè, enfimyè, reskonsab magazen, ekriven, pwofesè, kiltivatè ak lidè kominotè. Depi youn ede lòt, w ap ka prepare avni w, menm jan ak nenpòt lòt fanm.

a woman in dark glasses working with boxes on a table a woman washing dishes a woman in a wheelchair working at a computer a health worker leaning on a crutch while examining a child
Konsantre sou sa w ka fè, vag sou sa w pa ka fè




Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025