Hesperian Health Guides

Voye je sou sante w

Nan chapit sa a, n ap jwenn:
Si w gen yon enfimite, pifò nan pwoblèm sante w yo siman pa diferan ak pwoblèm sante lòt fanm yo. Konsa, ou ka jwenn enfòmasyon sou yo nan lòt chapit ki nan liv sa a. Men kounye a, nou pral chita sou yon seri pwoblèm ki gen enpòtans espesyal pou fanm ki gen enfimite, sitou sila yo ki gen yon kote nan kò yo ki pòk.

Kèk fanm ki gen enfimite ka gen pwoblèm pou yo konnen lè yo gen yon pwoblèm sante. Paregzanp, yon fanm ki gen yon enfeksyon nan matris ka pa santi ankenn doulè. Men, li ka remake vajen li ap bay dlo li pa abitye bay osinon vajen an gen dwa ap bay move lodè. Siy sa yo se siy enfeksyon.

Kòm fanm, ou konn kò w byen epi w konprann li pi byen pase nenpòt lòt moun. Konsa, si w santi yon bagay ou pa abitye santi, si kò a fè yon reyaksyon oubyen si w gen doulè yon kote, chèche konprann kisa ki lakòz sa. Si sa nesesè, eseye jwenn yon kout men nan men yon moun nan fanmi w, yon zanmi oubyen yon travayè sante.

Swen pou po w

Kòche moun pran nan pati nan kò a kote zo yo parèt, se pi gwo rezon ki konn fè moun mouri ak kolòn vètebral pete.

ISi, prèske toutan, ou chita sou chèz oubyen w kouche sou kabann, kò w gen dwa kòche. Mòd kòche sa yo kòmanse, lè zòn kote zo yo parèt nan kò a ap peze toutan sou yon chèz oubyen sou yon kabann. Konsa, veso sangen yo plati nèt e san an pa fouti sikile nòmalman anba po moun nan.

Si twòp tan pase san moun nan pa chanje pozisyon, vin gen yon tach nwa oubyen wouj sou po a. Si presyon an kontinye, tach la ap tounen yon maleng ki pral kòmanse vin pi fon nan kò a. Oubyen maleng nan ka kòmanse devlope anba po, nan zòn zo a, jiskaske, li ouvri kò l deyò. San yon tretman, po a ka tounen pouriti.

Tretman:

Pou enfòmasyon sou tretman kòche, gade kijan pou n geri maleng.

Prevanson:
  • Eseye fè yon ti mouvman chak 2 zèd tan. Si w kouche toutan fè yon moun ede w chanje pozisyon.
  • Kouche oubyen chita sou yon bagay ki mou, pou zo nan kò w pa sibi twòp presyon. Yon kousen oubyen yon eponj ki ta ka gen kèk twou pou zòn zo yo ap byen bon. Oubyen plen yon sak plastik ak diri ak pwa (ki pa kwit) pou w fè yon kousen oubyen yon matla. Men, fòk ou chanje diri a ak pwa a, chak mwa.
a woman lying on her side and using a mirror to look at her back
Chak jou, egzamine tout kò w.
  • Chak jou, egzamine tout kò w. Ou ka itilize yon glas pou w ka wè do w. Si w remake yon tach nwa oubyen wouj nan yon zòn, evite apiye sou zòn sa a, jiskaske tach la disparèt.
  • Eseye manje anpil fwi, anpil legim ak anpil manje ki gen pwoteyin.
  • Lè w gen règ, pa foure ni twal ni tanpon nan vajen ou. Yo ka peze sou zo ki andedan kò w e, konsa, yo ka kòche andedan vajen ou.
  • Eseye benyen chak jou. Pou w seche kò w, tape sèvyèt la sou ou, men, pa fwote l. Evite sèvi ak krèm oubyen lwil. Ak pwodui sa yo, po w ka vin pi mou, pi frajil. Pa janm mete alkòl sou po w.

Egzèsis fizik

Kèk fanm konn gen pwoblèm pou yo fè mouvman yo ta dwe fè, kit se ak bra yo, kit se ak janm yo, pou jwenti yo pa bloke. Sa ka rive, paregzanp, fanm k ap soufri ak atwòz, fanm ki te fè estwok (aksidan serebral), ak sila yo ki blije rete nan kabann toutan akòz maladi SIDA oubyen paske yo granmoun anpil. Lè sa rive, bra yo oubyen janm yo gen misk ladan yo ki vin pi kout pase jan yo te ye anvan e misk sa yo ka bloke jwenti. Konsa, si bra ak janm te rete pliye twò lontan, yo vin pa ka detire ankò e si yo te ret tou dwat twò lontan, yo vin pa ka pliye ankò. Yo rele sa “jwenti bloke”. Pafwa, jwenti bloke konn bay gwo doulè.

a woman with contractures that keep her leg from straightening at the knee and ankle

jwenti bloke

Pou jwenti yo pa bloke epitou pou misk yo ka ret fèm, fòk ou jwenn yon moun ki ka ede w fè egzèsis chak jou ni ak bra w ni ak janm ou. Eseye fè tout pati nan kò w fè mouvman. Si jwenti yo bloke depi lontan, w ap gen gwo pwoblèm pou w detire yo nèt. Men egzèsis sa yo ap anpeche blokay la vin pi makawon. Yo ka fè jwenti yo vin mwen rèd epi y ap rafèmi misk yo.

Men egzanp egzèsis ki ka anpeche kèk jwenti bloke epi ki ka rafèmi misk yo
Mouvman pou devan bout anwo janm
1. pliye a woman on her back with one leg bent up at the knee and the other flat 2. detire the same woman with one leg straightened and raised and the other still flat
Mouvman pou dèyè bout anwo janm
1. pliyea woman lying face down with one leg flat while the other is lifted from the knee 2. detirethe same woman with both legs lying flat
Mouvman pou bout anba janm ak pye
1. pwente zòtèy yo anlè
a woman on her back with one lower leg propped on a rolled blanket, with toes pointing up
2. epi lache yo
the same woman with toes relaxed
Mouvman pou bra pliye bend
a woman lying in bed while another woman helps to bend her arm at the elbow
detire
the same woman with her arm straight at her side
leve anlè tou dwat
the same woman with her arm raised straight up from the shoulder
ATANSYON! Si w gen yon jwenti ki pliye depi lontan, al dousman. Pa eseye fòse drese l.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025