Hesperian Health Guides
Istwa manzè Mira a
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 1: Sante fanm konsène tout kominote a > Istwa manzè Mira a

Lè manzè Mira te jenn fi, men rèv li te genyen: Lè l gran, l ap abite nan yon gwo kay ki gen limyè epi ki chaje ak mozayik. L ap marye ak yon bèl gason byennelve epi l ap ka reyalize tout sa l vle.
Men fanmi li te pòv e se li menm, Mira, ki te pi piti nan 4 sè yo. Kèk fwa, lè papa a sot bwè kleren, se bimen li te konn bimen manman an epi li te konn plenyen kijan l pa gen chans poutèt li fè twòp pitit fi.
Lè Mira te vin gen 14 lane, yo te wè li gen laj pou l marye. Se lè sa a tou, li aprann rèv li yo p ap janm reyalize e manmzèl te tonbe kriye. Men tout bagay te deja fin ranje. Papa Mira te deja chwazi mari a. Se yon nèg ki te gen kèk moso tè. E se sa k fè papa a te panse fanmi an ka jwenn avantaj nan maryaj la. Mira pa t gen anyen pou l di nan sa.
Lè Mira akouche dezyèm pitit li - yon ti gason -, mari a te fè yon ralanti sou kesyon rapò seksyèl la. Sa te fè kè Mira kontan anpil. Byenke mari a pa t konn fè l mal, misye te gen yon seri bouton sou pati siperyè l ki te bay Mira degoutans. Nan 20 lane, manmzèl fè 6 lòt pitit, ladan yo te gen yon ti fi ki mouri lè li te gen 3 lane ak yon ti gason ki mouri touswit apre akouchman. Yon jou, pandan Mira al nan latrin, li remake pati siperyè l ap bay san, alòske moman règ li pa t ko rive. Manmzèl pa t janm al kay doktè, men kounye a, li oblije mande mari a pèmisyon pou l al wè yon travayè sante. Misye reponn: li pa fè doktè konfyans epi li pa gen lajan pou l gaspiye, chak fwa madanm li gen yon ti tèt chaje.
Lè Mira gen 40 lane, li kòmanse santi anba ti vant li ap fè l mal san rete. Sa te ba l pwoblèm anpil, men li pa t konn pyès moun, pou l ta esplike sa. Kèk mwa apre, Mira deside fè yon jan: li vag sou pawòl mari a, l al chèche laswenyaj. Manmzèl te pè pou l pa pèdi lavi l e se poutèt sa, li oblije mande yon zanmi prete yon ti monnen.
Nan sant sante a, Mira jwenn kèk medikaman pou pwoblèm san an, menm lè travayè sante a pa konsilte l anvan. Mira retounen lakay li byen ta jou sa a, ak fatig nan kò l ak lapenn nan kè l poutèt li pa obeyi mari l epi li depanse tout ti lajan zanmi an te prete l la.
Anpil semèn pase, Mira kontinye ap soufri e li vin dekouraje, lè l wè pwoblèm nan pa regle.

Pou n fini, Mira vin tèlman fèb, mari a resi konprann manmzèl malad anpil. Yo mande yon woulib pou y al lopital lavil, yon gwo vil ki byen lwen. Apre Mira fin pase plizyè jou ap tann, doktè resi konsilte l. Li aprann li gen yon kansè avanse nan kòl matris li, men kansè a deja gaye nan kò l. Tretman ki egziste pou maladi sa a koute chè anpil epi se nan yon lòt zòn nan peyi a li ta ka suiv tretman sa a, pou l eseye sove lavi l. Doktè a di manmzèl: “Pouki sa ou pa t fè yon “Pap test” tanzantan? Si n te dekouvri kansè a bonè, nou t ap ka trete l san pwoblèm.” Men, li te deja twò ta. Mira rantre lakay li e l mouri nan 2 mwa konsa.
POUKISA MIRA MOURI?
Pou kesyon sa a, men kèk repons nou pi vit ka tande:
Yon doktè ta ka di... |
Mira mouri ak yon kansè avanse nan kòl matris paske li pa t kòmanse tretman an pi bonè.
|
Yon pwofesè ta ka di...
![]() Mira mouri paske l pa t konnen li te dwe fè yon “Pap tèst”.
|
|
Oubyen yon travayè sante...
Mira mouri paske mari l te gen bouton sou kòk li, ansanm ak lòt MST. Bagay sa yo te fè l pi fasil trape kansè kòl matris.
|
Tout repons sa yo bon. Fanm ki kòmanse antre nan relasyon seksyèl bonè epi ki kontre ak bouton sou kòk pi vit devlope kansè kòl matris. Epi si yo dekouvri kansè a bonè (an jeneral ak yon Pap tèst), p ap janm gen gwo pwoblèm pou fanm nan jwenn gerizon.
Men repons sa yo pa fin eksplike pwoblèm nan nèt. Chak repons rann yon moun reskonsab - swa Mira, swa mari a - e yo pa al pi lwen. An reyalite, Mira te gen anpil chans pou l mouri ak kansè kòl matris la, paske se te yon fanm pòv ki t ap viv nan yon peyi.

Kijan malsite ak diskriminasyon kont fanm te mete ansanm pou mennen Mira anba tè
Nou ka sèvi ak ti egzèsis sa rele “Men poukisa?” la pou n eseye dekouvri ki sa ki lakòz lanmò epi ki kapab lakòz lòt pwoblèm sante.
Mira ak fanmi li te pòv. Se sa k fè yo te fòse l marye epi antre nan relasyon seksyèl byen bonè. Kòm fanm, li te restavèk mari li.
Li pa t gen anyen pou l di ni sou ki lè pou l fè pitit, ni sou konbyen pitit li dwe genyen, ni sou relasyon mari l ak lòt fanm. Malsite nan fanmi li te kondane l pou l mal manje pandan tout lavi li. Se sa k fè li te soufri feblès e li te gen anpil chans pou l trape maladi.
Malgre nan kominote pa Mira a pa t gen sèvis sante, te gen kèk sèvis sante fanm nan sant sante ki te pi pre a, tankou planin familyal ak sèvis enfòmasyon sou prevansyon VIH/Sida. Men travayè sante yo pa t gen ni fòmasyon ni enfòmasyon sou lòt pwoblèm grav tankou kansè kòl matris. Yo pa t konnen kijan pou yo te fè yon egzamen basen (egzamen pati siperyè fanm, kòl matris la ansanm ak lòt ògàn ki patisipe nan kesyon fè pitit) oubyen yon Pap tèst. Konsa, menm si Mira te al chèche laswenyaj pi bonè, travayè sante a pa t ap ka fè anyen serye pou li.
Se konsa Mira te blije depanse gwo lajan, bat yon gwo distans pou l al kay doktè ki te ka regle pwoblèm li a. Men lè sa a, li te gen tan twò ta.
Pou n fini, Mira te fèt nan yon peyi pòv ki pa t gen anpil lajan pou l depanse nan swen sante. Tankou gouvènman anpil peyi pòv, dirijan yo te pote plis atansyon sou lòt sèvis sante enpòtan, men pa sou sante fanm. Tout lajan gouvènman an te ka depanse pou sante fanm, li te chwazi depanse l pou gwo lopital nan gwo vil, men pa pou yon seri pwogram sante kominotè ki ta ka itil fanm tankou Mira. Sa vle di, sèvis pou depistaj ak tretman kansè kòl matris - tankou anpil lòt pwoblèm sante fanm - pa t egziste ditou.
Malsite ak diskriminasyon kont fanm pa t nan avantaj Mira nan 3 nivo - nan nivo fanmi li, nan nivo kominote a, nan nivo peyi a. Se yo ki lakòz pwoblèm sante ki ta pral mennen l anba tè a.