Hesperian Health Guides

Kijan pou w jwenn pi bon rezilta

Nan chapit sa a, n ap jwenn:
Ou gen anpil desizyon pou w pran, lè w gen yon pwoblèm sante. Youn nan desizyon yo, se pou w konnen si w ap wè yon travayè sante e ki kalte travayè sante ou panse w dwe wè. Si plizyè fòm tretman egziste pou pwoblèm ou an, fòk ou konsidere danje ak avantaj yo chak genyen, anvan w pran desizyon w. W ap pran pi bon desizyon - e w ap jwenn pi bon swen - si w kolabore nètalkole ak doktè a, mis lan oubyen travayè sante a nan chèche solisyon pou pwoblèm ou a.

Fòk ou konnen kisa w ka jwenn

W ap kapab patisipe tout bon nan gerizon w, si w prepare tèt ou, si w konnen kisa w ka jwenn, lè w al chèche laswenyay.

Kesyon sou sante w

L ap pi bon si w aprann tout sa w ka aprann sou pwoblèm ou an, anvan w al chèche laswenyay. Liv sa a ka pèmèt ou wè pi klè sou pwoblèm sante ou genyen ansanm ak sou ki kote yo soti. Pou ou jwenn plis limyè sou pwoblèm sante yo, gade chapit “Solisyon pwoblèm sante yo”.

Doktè a, mis lan oubyen travayè sante k ap konsilte w la ta dwe poze w kesyon sou pwoblèm ou genyen kounye a tankou sou pwoblèm ou te konn genyen lontan ak eta sante w, alòske. Eseye ba l enfòmasyon total - kapital, menm si ou santi w pa alèz, pou l ka konnen tout sa l dwe konnen sou sante w. Fòk ou fè l konnen si w gen medikaman w ap pran. Li te mèt nenpòt medikaman tankou aspirin oubyen grenn planin (oubyen nenpòt ki lòt metòd planin).

Ou ta dwe gen chans pou w poze nenpòt kesyon ou vle poze. Li enpòtan anpil pou w poze kantite kesyon ki nesesè pou w ka pran bon desizyon pou sa ki konsène tretman an. Men kèk kesyon ou gen dwa vle poze, si w pa t deja gen repons pou yo:

Anpil fwa, li bon pou w reflechi sou kesyon ou pral poze pwofesyonèl sante yo, anvan w derape pou w al pran swen sante.

a woman asking herself questions
  • Ki kalte tretman ki egziste pou pwoblèm sa a?
  • Ki konsekans tretman sa a ap genyen? Eske gen danje?
  • Èske m ap geri nèt? Oubyen èske pwoblèm nan ka tounen sou mwen?
  • Konbyen lajan m ap depanse pou analiz yo, plis tretman an?
  • Ki lè m ap kòmanse santi m refè?
  • Kouman pwoblèm sa a te fè vin sou mwen? Kijan m ka fè pou m pwoteje tèt mwen pou sa pa rive ankò?


Anpil doktè ak anpil mis ka pa abitye bay malad yo bon enfòmasyon, oubyen yo ka okipe epi yo pa pran tan pou yo reponn kesyon w yo. Fòk ou gen respè pou yo, men fòk ou egzije yo ba w repons. Yo ta dwe reponn tout kesyon w yo jouk ou konprann tout bagay. Si w pa fin konprann, se pa paske w sòt, men se paske yo menm, yo pa ba w bon eksplikasyon

Konsiltasyon an

Plis enfòmasyon
egzamen basen

Pou yo wè sa k pa mache byen nan kò w, pou yo ka wè si pwoblèm ou yo grav, fòk yo konsilte w. Nan pi fò konsiltasyon, pwofesyonèl sante a dwe gade w, koute w epi touche kote w gen pwoblèm nan. Nan pi fò ka yo, menm si ou pa dezabiye w nèt, fòk ou montre kote w gen pwoblèm nan. Si w vle santi w pi alèz, ou ka mande pou w antre ak yon zanmi w nan sal konsiltasyon an oubyen ou ka mande pou yon travayèz lasante la tou.

Tès (analiz)

a health worker doing an ultrasound exam of a woman's belly while the woman is lying down
aparèy iltrason

Tès yo ka bay plis enfòmasyon sou yon pwoblèm sante. Pou anpil tès, yo sèlman pran yon ti echantiyon (pipi, tata oubyen krache) epi yo voye l nan yon laboratwa. Pou analiz san, yo pran yon ti kantite san ak yon ti zegwi nan dwèt oubyen nan bra w. Pami lòt tès yo fè anpil fwa, gen:

  • kèk tès pou maladi seksyèlman transmisib (MST) kote yo pran yon ti echantiyon likid ki soti nan pati seksyèl malad la.
  • tès pou kansè kote yo grate yon ti kouch selil nan kòl iteris ou pou yo voye nan laboratwa. (Se sa yo rele yon Pap test.)

Reyon-X (radyografi) pa gen danje, si yo fè l kòmsadwa. Yo ka sèvi ak yon tabliye plon pou pwoteje ògan repwodiksyon ou yo, sètadi pati nan kò w ki patisipe nan fè pitit.

  • byopsi, kote yo pran yon ti moso tisi nan yon timè pou yo fè tès kansè.
  • reyon-X (radyografi) oubyen tès ak aparèy iltrason pou yo gade andedan kò w. Yo sèvi ak Reyon-X pou yo chèche zo kase, gwo enfeksyon nan poumon ak kèk kansè. Pa kite yo fè w radyografi lè w ansent. Men yo ka sèvi ak yon aparèy iltrason san pwoblèm pou yo gade tibebe ki nan vant ou a. Tout tès sa yo fèt san doulè.


Anvan w fè nenpòt ki tès, chèche konnen konbyen sa koute. Mande doktè a, mis la oubyen travayè sante a ki enfòmasyon andiplis tès la ap pote e sa k t ap rive si tès la pa t fèt.

a woman speaking to a health worker while a younger woman lies in a bed
Se mwen menm ki manman madanm lan. Gen kèk nan kesyon yo m ka reponn.
Si yon fanm malad anpil, yon moun ki ka bay enfòmasyon yo ta dwe mache avè l

Mache ak yon zanmi oubyen yon paran

Gen anpil moun ki pè al ka doktè menm si se pou yon maladi ki pa grav. Yon moun ki pè ap gen plis pwoblèm ankò pou l al chèche laswenyaj, si l malad toutbon. Si yon lòt moun ka ale avè l, l ap pi bon.

Yon zanmi ka:

  • voye je sou pitit fanm nan
  • ede l jwenn epi fè l sonje kesyon li genyen pou l poze yo, epi fòk zanmi an òganize l pou tout kesyon yo jwenn repons.
  • reponn kesyon nan plas fanm nan, si l twò malad pou l pale.
  • rete bò kote l nan sal datant lan.
  • kanpe bò kote fanm nan pandan konsiltasyon an, pou l ka soutni l epi pou l ka veye pou doktè a ap trete l ak respè.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025