Hesperian Health Guides

Chanjman nan kò yon fanm

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

drawings in a circle that show a girl becoming a woman, a mother, and an older woman
Sèk lavi a


Gen anpil chanjman enpòtan ki fèt nan kò yon fi pandan lavi l: lè fanm nan ap fòme (pibète), lè l ansent ak lè l ap bay ti moun tete, epi lè règ fanm nan rete (menopòz).

Gen chanjman enpòtan ki fèt chak mwa nan kò yon fi ki ka fè pitit: anvan règ li, pandan règ li epi apre règ li. Se nan sistèm repwodiksyon an anpil nan chanjman sa yo fèt. Nan sistèm repwodiksyon an, nou jwenn: vajen, matris, ovè yo, twonp falòp yo ak tete yo. Se yon seri konpoze chimik yo rele òmòn ki lakòz anpil nan chanjman sa yo.





Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025