Hesperian Health Guides
Lè n pèdi pitit la (fòs kouch)
Nan anpil ka, se pa ansent fanm nan pa ka ansent - se kenbe l pa ka kenbe pitit la. Sa rive souvan yon fanm pèdi yon gwosès oubyen menm 2 gwosès. Sa kapab yon fason kò a genyen pou li fini ak gwosès kote tibebe a ta twò fèb pou li viv.
Menmsi ou pran anpil prekosyon, ou kapab fè yon fòs kouch. Pa met lan tèt ou se fòt ou.
Men si n fè 3 fos kouch, oubyen plis pase 3, kapab byen gen yon lòt pwoblèm, tankou:
- ovil yo oubyen espèmatozoyid yo pa kòdyòm.
- yon pwoblèm ki gen rapò ak fòm matris la.
- fibwòm (boul nan matris)
- move konsantrasyon òmòn yo nan kò a.
- enfeksyon nan matris oubyen nan vajen.
- yon maladi tankou malarya.
Plis enfòmasyon
gwòsesSiyal sa yo se siyal fòs kouch:
- ti boul mawon, wouj oubyen wòz, ap soti nan vajen nou.
- doulè oubyen kranp anba ti vant, menm si yo pa fò.
Kisa pou n fè, lè siyal sa yo parèt:
An jeneral, depi yon fòs kouch kòmanse, pa gen anpil bagay nou ka fè pou n bloke l. Si, san nou pa santi doulè, n ap bay ti san:
- rete kouche epi pran repo pandan 2 oubyen 3 jou.
- pa fè lanmou.
Si san an kontinye vini, si l vin pifò, oubyen tou si n ansent depi plis pase 4 mwa, kouri lopital. Lè nou rive, pa bliye di nou ansent.
ATANSYON! Si n poko gen plis pase 3 mwa depi n ansent epi si n gen gwo doulè, si n santi n ap pèdi konesans epi n ap bay san, nou kapab byen gen yon gwosès nan twonp. Kouri lopital san pèdi tan. Pa bliye di nou ansent.

Se toutan moun ap fè fos kouch. Si malè sa a rive n, sa pa vle di pwochèn fwa a, nou p ap ka gen yon gwosès nòmal.
Anvan n al dèyè yon gwosès ankò:
- Suiv konsèy yo pou sa k gen rapò avèk tretman pwoblèm sante ak abitid ki bon pou lasante. Fòk nou evite kafeyin, sispann fimen oubyen chike tabak, sispann bwè tafya, sispann pran dwòg. Tout move abitid sa yo ka lakòz yon fòs kouch.
- Si se toujou apre 3 mwa nou fè fòs kouch yo, kapab se ouvèti matris nou ki twò lach. Pafwa, pwoblèm sa a ka jwenn solisyon. Yon doktè ka mare kòl matris la pou l ka ret fèmen. Fòk se yon doktè ki gen anpil eksperyans nan domèn sa a. Anvan akouchman an, fòk doktè a demare kòl matris la.
Si n reyisi ansent:
- fòk nou pa leve chay lou.
- lè n fin ansent, fòk nou fè 6 a 8 semèn san n pa fè lanmou.
- pran repo chak fwa nou kapab.
Nou te mete paj sa a ajou: 19 jen 2025