Hesperian Health Guides
Lòt kalite pwoblèm san
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 22: Lè n ap senyen nan vajen yon jan ki pa nòmal > Lòt kalite pwoblèm san
| LÈ NAP BAY SAN PANDAN GWOSÈS OUBYEN APRE AKOUCHMAN | |||
|---|---|---|---|
| Pwoblèm san an | Kisa ki ka lakòz | Kisa pou n fè | |
| N ap bay san pandan 3 premye mwa gwosès yo epi nou gen yon doulè ki pa sispann oubyen ki ap fè alevini sou nou. | KA IJAN! Kouri lopital san pèdi tan. | ||
| N ap bay san pandan 3 dènye mwa gwosès yo. | KA IJAN! Kouri lopital san pèdi tan. | ||
| N ap bay san pandan 6 premye mwa gwosès yo | Veye epi tann. Si senyen an vin fò anpil, ale lopital. | ||
| Gwo emoraji pandan akouchman oubyen touswit apre akouchman an. | Matris la bouke travay, li pa ka ranmase kò l pou l fèmen. |
KA IJAN! Kouri al wè yon fanm saj oubyen kouri lopital. | |
| LÈ N AP SENYEN APRE YON AVÒTMAN OUBYEN YON FÒS KOUCH | |||
|---|---|---|---|
| Pwoblèm san an | Kisa ki ka lakòz | Kisa pou n fè | |
| Nou gen yon gwo emoraji oubyen n ap senyen pandan plis pase 15 jou, oubyen tou emoraji a mache ak doulè oubyen lafyèv. | nou enfeksyon nan matris |
KA IJAN! Kouri lopital san pèdi tan. | |
| Se kòm si se règ nou genyen, men san an kontinye koule pannan 5 a 15 jou. Li vin pi fèb chak jou. | See “Ki sa k ap rive apre yon avòtman”? | ||
| LÈ N AP SENYEN APRE N FIN FÈ LANMOU | |||
|---|---|---|---|
| Pwoblèm san an | Kisa ki ka lakòz | Kisa pou n fè | |
| N ap bay san pandan oubyen apre n fin fè lanmou | maladi seksyèlman transmisib (MST) maladi enflamasyon nan basen kadejak ti boul oubyen kansè nan kòl matris oubyen nan matris la menm |
“gonore ak klamidya” “maladi enflamasyon nan basen” ch. 19, “Kadejak ak atak seksyel” “Kansè nan kòl matris” ak “Pwoblèm nan matris” |
|
| LÈ N AP SENYEN APRE MENOPÒZ | |||
|---|---|---|---|
| Pwoblèm san an | Kisa ki ka lakòz | Kisa pou n fè | |
| Nou kòmanse bay san 12 mwa oubyen plis pase 12 mwa apre n fin rete (menopòz). | ti boul oubyen kansè nan kòl matris |
Kouri al wè yon travayè sante ki gen kapasite pou l fè yon egzamen basen. Nou ka bezwen fè yon Papanikola (Pap tès) oubyen yon dilatasyon ak kitaj |
|
Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025