Hesperian Health Guides
Konsèy pou manman an
Kontni yo
Manje ki bon pou fanm k ap bay tete
Plis enfòmasyon
Manje pou gen lasante![]() |
Manman yo bezwen manje byen pou yo ka refè apre gwosès la, pou yo ka pran swen pitit yo, epi pou yo ka anfòm pou yo fè tout lòt travay y ap fè. Yo bezwen anpil manje ki chaje ak pwoteyin, ak grès. Yo bezwen anpil fwi ak anpil legim tou. Yo dwe bwè anpil likid tou, tankou dlo potab, lèt, te ak ji fwi. Men kèlkeswa sa yon fanm manje, kèlkeswa sa l bwè, kò l ap toujou fabrike bon jan lèt.
Lè w grangou, se pou w manje. Lè w swaf, se pou w bwè. Evite bwè tafya. Evite tabak, dwòg ak medikaman ki pa nesesè. Dlo pwòp, ji fwi ak soup legim, lèt ak te pi bon pase kafe ak kola.
Alètman matènèl pèmèt manman yo fè ekonomi. Konsa, y ap ka sèvi ak yon pati nan lajan yo sere a pou yo ka manje pi byen, sitou manje ki chaje pwoteyin, tankou pwa, nwazèt, ze, lèt, yogout, fwomaj, pwason oubyen vyann.
Gen kèk moun ki kwè yon manman ki nouris gen tout yon seri manje li pa dwe manje. Antouka, si yon manman pa manje byen, li ka fè malnitrisyon, san li ka vin pòv (anemi), epi li ka trape lòt maladi.
Pafwa, yo ba yon fanm ki nouris yon seri manje espesyal. Se trè byen, sitou si manje sa yo fòtifyan. Manje fòtifyan ede yon fanm rejwenn fòs ak lasante pi vit apre yon akouchman.
Yon fanm bezwen manje an diplis, si
- l ap bay 2 tibebe tete
- li ansent alòske li gen yon tibebe ki pa ko sevre
- li pa tann 2 zan, apre yon akouchman, anvan l fè lòt pitit
- l ap soufri ak maladi oubyen feblès.
Alètman matènèl ak kontwòl nesans
Yon fanm met kontwòl sou jan l ap fè pitit, lè l tann pou pi piti 2 oubyen 3 zan apre akouchman, anvan l fè lòt pitit. Sa pèmèt fanm nan refè nèt anvan l ansent yon lòt fwa. Alètman matènèl ede kèk fanm met kontwòl sou jan y ap fè pitit.
Kilè w ka bay tibebe a lòt kalte manje
Yon tibebe pare pou l pran lòt kalte manje, lè:
- li gen 6 mwa konsa oubyen plis
- li kòmanse lonje men l pou l pran manje nan men moun oubyen sou tab
- li pa pouse manje deyò ak lang li.
![]() |
Pa bay tibebe a ankenn lòt manje anvan 4 mwa. |
Si yon tibebe ki gen ant 4 a 6 mwa sanble pa satisfè, lè l tete, li ka bezwen tete plis pou tete manman an ka bay plis lèt. Manman an dwe bay timoun nan tete kantite fwa timoun nan vle, pandan 5 jou. Si, malgre sa, tibebe a toujou pa satisfè, manman an gen dwa eseye lòt kalte manje.
Ant 6 mwa ak yon lane, bay timoun nan tete, chak fwa li vle. Menm si l kòmanse pran lòt manje, li toujou bezwen menm kantite lèt li te konn bwè anvan an. Okòmansman, se pou n ba l tete a plis lòt manje, 2 oubyen 3 fwa pa jou. Kòmanse ba l ti manje ki mou tankou avwàn, labouyi farin, eksetera. Gen fanm ki konn melanje manje sa yo ak lèt nan tete yo. Ou pa bezwen achte manje nan bwat tankou kònflèks ki koute yon pakèt lajan.
Pa antre timoun nan bridsoukou nan manje tout kalte bagay. Se pou n kòmanse ak manje yo youn apre lòt. Lè timoun nan nan zòn 9 mwa - 1 lane, l ap ka manje prèske tout kalte manje fanmiy nan manje, depi yo byen kraze, depi l ka manje yo san pwoblèm.
Menm lè timoun nan gen 2 lane, lèt manman an ap kontinye pwoteje l kont enfeksyon ak lòt kalte pwoblèm sante.
Timoun dwe manje souvan - 5 fwa pa jou konsa. Chak jou, yo dwe manje yon gwo manje (labouyi, mayi, ble, diri, pitimi, pòmdetè, kasav), yon manje ki bay kò a fòs (pwa, manba, ze, fwomaj, vyann oubyen pwason), legim ak fwi ki gen bèl koulè ansanm ak yon manje ki chaje enèji (mamba, yon kiyè luil, magarin oubyen bè). Ou pa bezwen kwit manje 5 fwa chak jou. Timoun nan ka manje kèk nan manje sa yo, kòm kolasyon.
Si w kapab, kontinye ba timoun nan tete, jiskaske l gen 2 lane, pou pi piti, menm si, pandan tan sa a, ou gen tan fèt lòt pitit. Pifò timoun sispann tete, ti pa - ti pa, pou kont yo.