Hesperian Health Guides
Ann travay pou chanjman
Ede fanm yo gen konfyans nan tèt yo. Fè yo konnen yo gen ase lèt pou tibebe a. Lè yon manman ap ba yon lòt manman konkou, pwoblèm ki konn chipote manman jwenn solisyon pi fasil. Eseye fòme yon gwoup ak tout fanm nouris ki nan kominote a. Alatèt gwoup sa a, nou dwe mete manman ki ba pitit yo tete sèlman, epi ki gen pitit k ap devlope nòmalman.
Gade pou w wè kijan w ka prepare sant sante a, pou manman ki vin chèche laswenyay yo ka bay pitit yo tete. Ede manman yo ba tibebe yo tete nan premye 60 minit ki suiv akouchman an. Pèmèt tibebe yo kouche tou pre oubyen ansanm ak manman yo. Lè yon manman malad, kite pitit li avè l.
Si ou menm tou, ou se yon manman ki nouris, ba pitit ou tete, pou w montre lòt manman ki ap travay yo kijan yo ka ba pitit yo tete, pandan y ap travay.
Rache jete tout postè oubyen materyèl edikasyon ki ap fè reklam pou lèt atifisyèl. Pa distribiye ankenn echantiyon oubyen kado ki soti nan konpayi ki fabrike fòmila pou timoun, epi pa kite reprezantan konpayi sa yo mete pye nan klinik lan.
