Hesperian Health Guides
Sitiyasyon espesyal
Kontni yo
Tibebe ki gen pwoblèm espesyal ap toujou ka tete
Tibebe ki twò piti. Si yon tibebe ki twò piti pa gen fòs pou l tete byen, w ap oblije tire lèt la ak men w, pou fè l bwè l nan tas oubyen ak kiyè. Kòmanse touswit apre akouchman an. Kontinye tire lèt la kanmèm, menm lè tibebe a kòmanse ka tete pou kont li. Sa ap fè tete w bay plis lèt. Si tibebe a peze mwens pase 1 kilo edmi oubyen mwens pase 3 liv edmi, li ka bezwen pran swen sante. Petèt, fòk yo ta pase nan nen l yon tib kawotchou ki dwe rive nan lestomak li. W ap kapab ba l lèt nan tib sa a. Pale ak yon travayè sante sou sa.

Tibebe ki prematire (sa vle di, ki fèt anvan lè). Tibebe prematire (ti bebe ki fèt anvan 9 mwa) bezwen chalè. Pa mete ankenn rad sou timoun nan, sof yon bonèt nan tèt li ak yon kouchèt sou li, epi foure l andedan rad ou, nan mitan 2 tete w. Fòk po l kole ak pa w. (L ap bon si w mete sou ou yon blouz laj oubyen yon chanday, ak tay ou byen mare.) Gen kèk kote, yo rele sa “Metòd Kangourou”. Kenbe tibebe a kole nan po w, lajounen tankou lannuit epi ba l tete souvan. Si tibebe a pa gen fòs pou l tete byen, tire lèt la ba li.
Lèv (po bouch) oubyen palè (plafon bouch) fann. Tibebe ki gen pwoblèm sa yo bezwen moun aprann yo tete. Si se po bouch la sèlman ki fann, l ap toujou ka tete byen. Pou bouch la ka kole nan tete a, bouche kote l fann nan ak dwèt ou. Si plafon bouch la fann tou, eseye kenbe timoun nan ak tèt li anlè, tou dwat, men toujou nan bon pozisyon, pou l ka tete byen. Ou ka bezwen yon èd espesyal. Ou gen dwa toujou tire lèt la ak men w, annatandan tibebe a fin aprann kijan pou l tete.
Tibebe ki gen lajònis. Tibebe ki gen lajònis bezwen chalè solèy ak tete manman l pou lajónis nan ka disparèt. Dòmi toujou nan je kèk tibebe ki ap soufri ak lajònis. Si yon tibebe tèlman gen dòmi jis li pa ka tete, tire lèt la epi fè l bwè nan tas oubyen ak kiyè, omwen 10 fwa nan yon jounen. Bonè nan maten epi ta nan apremidi, mete timoun nan pran solèy. Oubyen mete tibebe a nan yon chanm ki byen klere. Pifò ka lajònis pa parèt anvan tibebe a gen 3 jou, epi maladi a disparèt sou dizyèm jou timoun nan. Yon tibebe kapab byen gen yon maladi grav si: 1) li gen lajonis oubyen je l tou jòn nenpòt ki lòt lè; 2) li te fèt anvan lè (prematire); 3) koulè jòn nan ak dòmi-nan-je a ap vin pi grav tanzantan. Si gen posiblite, mennen tibebe a nan yon sant sante oubyen lopital.
Marasa. Pafwa, youn nan marasa yo konn pi piti epi pi fèb pase lòt la. Òganize w pou w fè chak timoun jwenn bon valè lèt. Ou gen ase lèt pou 2 ti bebe. | ![]() |
Kijan pou w fè yon tibebe bwè nan tas oubyen ak kiyè (tou dabò, lave tas la oubyen kiyè a ak dlo ak savon, si w pa ka bouyi yo)

- Kenbe tibebe a sou janm ou ak tèt li anlè li dwe prèske kanpe.
- Mete yon kiyè lèt oubyen yon ti tas lèt nan bouch tibebe a. Panche tas la oubyen kiyè a pou lèt la ka rive nan po bouch anba tibebe a epi kite bouch tas la touche po bouch anwo a.
- Pa vide lèt la andedan bouch tibebe a. Kite tibebe a rale lèt la nan tas la oubyen nan kiyè a. Ak tibebe ki piti anpil oubyen ki malad, li ka pi bon pou w sèvi ak yon kiyè.
Lè manman an malad
Plis enfòmasyon
VIH/SIDA ak alètman matènèlSi gen posiblite, li prèske toujou pi bon pou yon manman ki malad bay pitit li tete olye pou l ba timoun nan lòt kalte manje anvan lè. Si w gen gwo lafyèv epi w ap sue anpil, kò w gen dwa pwodui mwens lèt. Pou w anpeche sa rive, fòk ou:
- bwè anpil likid.
- kontinye bay timoun nan tete souvan.
- fè timoun nan tete pandan w kouche.
- tire lèt la ak men w (si sa nesesè, ou ka fè yon lòt moun ede w).
Chèche tretman touswit, si w gen nenpòt maladi atrapan, tankou TB, tifoyid oubyen kolera, pou w pa kontamine tibebe a.
Pou w pa kontamine tibebe ak kèlkilanswa enfeksyon an, lave men w byen ak dlo ak savon anvan w touche ni tibebe a tete w.
Lè manman an ap pran medikaman
Pifò medikamn pase nan lèt manman, men se yon vye tikras ki pase. Konsa, pa gen danje pou tibebe a. An jeneral, ap gen plis pwoblèm, si w fè timoun nan sispann tete.
Se kèk medikaman sèlman ki gen efè segondè. Nan liv sa a, nou mete yon remak bò kote medikaman sa yo, epi nou konseye w itilize lòt medikaman ki bay mwens pwoblèm (gade nan “Tablo medikaman” yo).
Si yon travayè sante ap preskri w yon medikaman, fè l sonje ou nouris, pou l ka preskri w yon medikamn ki san danje pou tibebe a.
![]() |
Si yon manman nouris akouche yon lòt ti bebe, li gen dwa bay tou 2 timoun yo tete san pwoblèm. |
VIH/SIDA AK ALÈTMAN MATÈNÈL
Yon fanm ki sewopozotif oubyen ki gen sida dwe pran yon desizyon sou kesyon alètman pitit li. Pou n jwenn plis enfòmasyon sou kijan w dwe pran desizyon sa a, epi sou lòt mwayen ou ka itilize pou w nouri tibebe a, gade nan chapit sou “SIDA” a.
Gwosès oubyen akouchman yon fanm ki deja nouris
![]() |
Menm si w ansent, ou gen dwa ba pitit ou tete. Pa gen danje. |
Si yon fanm ki nouris vin ansent, li gen dwa kontinye bay tibebe a tete. Kòm alètman an tankou gwosès la ap fè l depanse anpil enèji, fòk li manje bagay ki fòtifyan.
Manman an gen dwa kontinye bay timoun ki pi gran an tete san pwoblèm. Men fòk li ba pi piti a tete anvan.