Hesperian Health Guides
Pou kisa gen danje nan lòt kalte manje
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 7: Lè fanm ap bay tete > Pou kisa gen danje nan lòt kalte manje
![]() |
Konpayi k ap fabrike lèt atifisyèl (Fòmila pou tibebe) vle pou manman yo bay pitit yo fòmila nan plas tete a. Se pou yo ka fè plis lajan. Anpil fwa, gen anpil danje nan sèvi ak bibon ak fòmila. Plizyè milyon timoun ki t ap pran bibon oubyen fòmila fè malnitrisyon, yo malad oubyen yo pèdi lavi yo.
Plis pase yon milyon timoun mouri chak ane, poutèt manman yo te dekouraje ak kesyon bay tete a.
- Fòmila ak lòt lèt nan bwat oubyen lèt bèf (ak lèt lòt bèt) pa pwoteje timoun kont maladi.
- Fòmila ak lòt lèt ka lakòz maladi ak lanmò. Si bibon an, tetin nan oubyen dlo yo itilize pou brase fòmila a pa byen bouyi, tibebe a ka vale move mikwòb. Li ka gen dyare.
- Lè tibebe a ap pran tete, se ak lang li li sèvi pou l rale lèt la. Se sa yo vle di, lè yo di tibebe a ap tete. Se pa menm egzèsis la ditou bouch yon timoun fè, lè l ap souse yon tetin bibon. Nan souse bibon oubyen sison kawotchou, yon timoun ka bliye kijan pou l tete nòmalman, paske l ap pran move abitid ak bibon an. Anplis, si tibebe a pa bwè bon valè lèt chak jou, kantite lèt la ap vin pi piti. Rive yon lè, l ap sètoblije sispann tete.
- Manje nan bibon koute yon pakèt lajan. Pou yon sèl tibebe, yon fanmi ka bezwen 40 kilogram fòmila an poud pou premye ane a. Lajan yon fanmi depanse chak jou nan fòmila plis depans li fè pou l bouyi dlo ka depase kantite lajan fanmi sa a touche nan yon semèn - oubyen menm nan yon mwa.
Gen kèk paran ki eseye fè fòmila a dire plis. Yo sèvi ak mwens poud, plis dlo. Sa p ap bay lòt rezilta: timoun nan ap fè malnitrisyon, l ap mal pou grandi epi l ap malad pi souvan. |
Èske m ap jwenn kòb pou m achte tout bwat lèt sa yo nan yon ane
|
![]() |