Hesperian Health Guides
Lè manman an blije al travay deyò
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 7: Lè fanm ap bay tete > Lè manman an blije al travay deyò
Jounen jodi a, anpil fanm kite lakay yo pou y al travay deyò. Sa ka rann li difisil pou yon manman, pou l bay pitit li tete sèlman pandan 6 premye mwa yo.

Manman k ap travay deyò bezwen èd. Nan kèk travay, yo pèmèt manman an vini ak tibebe a pandan kèk mwa. Sa rann alètman matènèl la pi fasil. Si posiblite sa a pa egziste, moun k ap pran swen timoun yo, lè manman an pa la, ka pote tibebe a bay manman an, lè tibebe a bezwen tete. Si gen gadri tou pre travay la, manman an ap kapab al bay timoun nan tete, nan moman kanpo yo. Gen kèk patwon ki mete gadri nan travay yo, pou paran yo pa rete twò lwen pitit yo.
Men sa w ka fè pou pitit ou ka tete san mank, san l pa bezwen manje lòt bagay, lè w al travay:

Yo pa dwe fòse yon manman chwazi ant travay li ak sante pitit li.
Lè w ak ti bebe a, se tete sèlman pou w fè l tete. Si w dòmi chak swa avè l, l ap ka tete pi plis, epi sa ap fè tete w toujou chaje ak lèt.
Plis enfòmasyon
VIH ak SIDAalètman matènèl ak
SIDA
Gen kèk manman ki konn mande yon zanmi oubyen yon paran, tankou grann timoun nan, paregzanp, pou l bay timoun nan tete. Si w ap fè sa, fòk se yon moun ou konnen byen, fòk li pa malad, fòk li pa pran ankenn chans pou l trape VIH/SIDA.