Hesperian Health Guides

Ou ka tire lèt la ak men w

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Yon timoun ka toujou jwenn lèt manman l pandan lajounen tou, si manman an rive jwenn tan, pandan l nan travay, pou l tire lèt la. Konsa, yon lòt moun ap fè timoun nan bwè lèt la.

Si yon manman tire plis lèt pase sa tibebe a bezwen, li gen dwa ba yon lòt tibebe rès la, yon lòt tibebe ki gen manman l malad, paregzanp, oubyen ki poko ka jwenn lèt nan tete manman l.

a woman using a jar on a table to catch milk from her breast a woman handing a jar of milk to a boy at the door of her workplace
Ou ka tire lèt la ak men w, 2 oubyen 3 fwa pa jou.. ... epi w voye l oubyen w sere l pou yon lòt moun fè timoun nan bwè.

Ou ka tire lèt la tou, si tete w twò plen, oubyen, si, pou nenpòt rezon, timoun nan pa ka tete, alòske ou menm, ou vle pou l toujou jwenn lèt.

Kijan pou w tire lèt la ak men w

  1. Lave yon gwo bokal ak tout bouchon l ak savon epi rense yo ak dlo pwòp. Kite yo seche nan solèy. Anvan w itilize bokal la ak bouchon an, vide yon dlo ki te ret bouyi pandan 20 minit ladan yo. Kite dlo a andedan yo pandan kèk minit. Apre sa, vide dlo a yon lòt kote.
  2. Lave men w byen lave anvan w manyen kit se bokal la kit se tete w.
  3. a hand holding a woman's breast and pressing toward the chest
  4. Si w kapab, se pou w chèche yon kwen trankil nan kay la. Sonje tibebe a pandan w ap tire lèt la. Fòk ou gen pasyans, epi fòk ou pran san w. Pran tete a, fè masaj sou tete a ak pwent oubyen kò dwèt ou, soti anlè, desann anba, nan direksyon pwent tete a.
  5. Pou w fè lèt la soti, kenbe bout dèyè pati ki pi fonse nan tete a (areyòl la) ant dwèt pous ou ak lòt dwèt yo epi peze l dousman annaryè, nan direksyon lestomak ou. (Pa peze pwent tete a. Se dèyè areyòl la lèt la chita.) Apre sa, lache dwèt ou. Kontinye peze tanzantan, lache tanzantan, pandan dwèt yo ap fè wonn areyòl la. Ou pa sipoze santi ankenn doulè.
  6. Peze dousman annaryè pa petri. two fingers and a thumb holding a nipple as milk flows into a jar
  7. Rekòmanse menm mouvman an plizyè fwa sou chak tete. Okòmansman, pa p gen anpil lèt ki soti. Men, plis ou fè pratik, plis w ap ka tire plis lèt. Òganize w pou w tire yon demi tas, chak fwa timoun nan bezwen bwè lèt, oubyen, pou pi piti, 3 fwa pa jou. (Moun ki ap bay tibebe a lèt la ka fè w konnen si w te tire ase..) Si w kòmanse fè pratik, 2 semenn anvan w retounen nan travay, w ap vin pi maton, lè moman an rive, pou w pati kite tibebe a, pou w al travay.

Kijan pou w konsève lèt la

Lèt manman konn chanje koulè. Se manje ki ka fè sa. Antouka, kèlkeswa koulè l genyen, lèt manman toujou bon pou timoun.

WWHND10 Ch7 Page 113-1.png
Ou ka mete veso a yon kote ki fre, tankou, paregzanp, nan yon bout kannari ki plen ak dlo.

Mete lèt la nan yon veso pwòp ki byen bouche (gade nimewo 1 ak 2). Menm bokal ou te itilize pou w tire lèt la ka toujou sèvi pou konsève lèt la. Mete lèt la yon kote ki fre ki pa nan solèy. Lèt sa a ap ret anfòm menm pandan 8è d tan. Oubyen ou ka byen bouche bokal la, epi w sere l anba yon sab imid, oubyen ou ka vlope l ak yon twal, epi w mouye twal la tanzantan. Konsa, lèt la ap ret anfòm pandan 12 èd tan konsa.

Si w ka mete bokal lèt la nan frijidè, l ap fè 2 oubyen 3 jou. Krèm nan (grès la) ka separe ak rès lèt la. Fòk ou souke bokal la pou w melanje yo. Mete bokal la nan dlo cho, pou w chofe lèt la. Apre sa, lage kèk gout lèt sou bra w, pou w wè si l pa twò cho pou tibebe a.

Metòd boutèy cho a

Li ka pi bon pou w sèvi ak metòd sa a, si tete yo twò plen oubyen si y ap fè w mal anpil. Sa ka rive touswit apre akouchman an, lè pwent tete yo fann, oubyen si w fè yon enfeksyon nan tete.

    a woman holding her breast with one hand while holding a bottle to her nipple with the other hand
    a bottle with a narrow mouth
    3-4 cm
  1. Lave yon gwo boutèy. Fòk bouch boutèy la laj (3 a 4 santimèt konsa). Plen boutèy la ak dlo bouyi pou l ka cho. Se ti pa, ti pa, pou w plen l, pou l pa pete. Tann kèk minit anvan w jete dlo a
  2. Pou w pa boule, rafrechi bouch boutèy la ak kou li nan yon dlo fre ki pwòp.
  3. Kole bouch boutèy la nan pwent tete w. Fòk li tache byen tache. Kenbe l fèm nan pwent tete a pandan kèk minit. Depi l kòmanse frèt, l ap rale lèt la poukont li.
  4. Lè lèt la sispann desann, sèvi ak dwèt ou pou w wete bouch boutèy la nan tete a.
  5. Rekòmanse ak lòt tete a, sizoka li menm, l ap fè w mal tou akòz li twò plen. Kounye a, ou ka bay pitit ou lèt san pwoblèm.


ATANSYON! Lèt ki pa konsève yon kote ki frèt ap gate epi li fèt pou jete. Lèt tete ki gate ka fè yon bebe malad grav.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025