Hesperian Health Guides
Kijan pou n ba timoun tete
Kontni yo
Tibete ki fèk fèt
Tibebe bezwen tete lè yo grangou, lè yo swaf, lè y ap goumen ak maladi, lè y ap grandi ak lè yo vle pi alèz. Kidonk, chak fwa nou pa konn kisa yon tibebe vle, se pou n mete tete a nan bouch li.
Yon manman dwe bay pitit li tete pandan 60 premye minit ki swiv akouchman an. Sa ap fè matris la sispann senyen, sa ap ede matris la reprann fòm nòmal li. Kontak tibebe a ak kò manman an ap fè lèt la kòmanse koule pi vit, sitou lè tibebe a gen tan «amòse» tete a.
Tibebe ki fèk fèt bezwen premye lèt jòn (kolostwòm) ki soti nan tete yo pandan 2 oubyen 3 premye jou ki suiv akouchman an. Kolostwòm nan gen tout fòtifyan yon tibebe ki fèk fèt bezwen. Li pwoteje l tou kont maladi. Kolostwòm nan netwaye trip tibebe a tou. Konsa, tibebe a pa bezwen ankenn renmèd fèy, ankenn te, pou sa.
![]() |
Manman ki dòmi ansanm ak pitit li ka ba l tete pi fasil. Yon manman konsa menm rive dòmi pandan tibebe a ap tete. |
Nenpòt lòt tibebe
Fè timoun nan bwè lèt nan tou 2 tete yo, men kite l fini ak youn anvan w ba l lòt la. Apre timoun nan fin pase kèk minit ap bwè lèt, tete a vin bay yon lèt ki pi blan. Lèt sa a gen plis grès pase premye lèt la. Tibebe a bezwen grès sa a. Se poutèt sa, li enpòtan pou w kite l fini ak yon tete anvan w ba l lòt la. Depi timoun nan pare pou l sispann tete oubyen pou l chanje tete, l ap lage tete a poukont li. Si pou yon repa, tibebe a bwè lèt nan yon sèl tete, se pou w kòmanse ba l lòt tete a, nan yon lòt repa.
Bay tibebe a tete chak fwa l grangou, lajounen tankou lannuit. Anpil timoun ki fèk fèt ka tete pandan 1 a 3 è d tan, sitou nan premye mwa yo. Kite tibebe a tete kantite tan ak kantite fwa l vle. Plis li tete, plis w ap gen lèt.
Ou pa bezwen ba timoun nan ni sereyal, ni lòt lèt, ni dlo sikre menm si w ap viv nan peyi cho. Manje sa yo ka fè timoun nan pa tete jan l ta dwe tete. Manje sa yo ka mete lavi yon tibebe ki poko gen ant 4 a 6 mwa an danje.
Kijan pou w kenbe timoun nan lè w ap ba l tete
Pa peze pwent tete a, lè w ap bay timoun tete.
Lè w ap bay tete, li enpòtan pou w kenbe tibebe a yon jan pou l ka tete epi bwè kantite lèt li bezwen an san pwoblèm. Manman an dwe pran yon pozisyon kote li rilaks, alèz. Konsa, lèt la ap desann san pwoblèm.
Soutni tèt timoun nan ak men w oubyen ak bra w. Fòk tèt li ak rès kò l fòme yon liy dwat. Tann bouch li ouvri nèt. Mete timoun nan tou pre tete a epi pase pwent tete a sou po bouch anba a. Kounye a, mete timoun nan nan tete a. Fòk tete a byen antre nan bouch li. Pwent tete a dwe antre byen fon nan bouch la.
![]() |
![]() |
Tete sa a byen antre nan bouch tibebe sa a. | Tete sa a pa fin antre nan bouch tibebe sa a. |
Si w gen pwoblèm pou w bay timoun nan tete, mande yon fanm ki gen eksperyans kèk konsèy. Anpil fwa, yon moun konsa ap ka ede w pi plis pase travayè sante yo. Pa sèvi ak bibon. Se yon lòt teknik souse bibon an ap ba tibebe a. Kontinye fè eksperyans. Pafwa, se sèl eksperyans k ap montre w pozisyon ki bon pou timoun nan e se eksperyans tou k ap montre timoun nan pou l tete.