Hesperian Health Guides
Chapit 10: Kijan pou n konseve
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 10: Kijan pou n konseve
Pifò chapit nan liv sa a pale sou pwoblèm sante ak solisyon nou ka jwenn pou yo. Men nou ka anpeche anpil nan pwoblèm sa a parèt si nou manje byen, si nou fè pwòpte si n pran repo, epi si n fè jefò pou ede medam yo rezoud pwoblèm sante yo. Se poutèt sa, nan chapit sa a, n ap montre kèk bagay yon fanm ak fanmi l ansanm ak kominote a ka fè pou yo pa malad.
Li pa fasil ditou pou medam yo pwoteje tèt yo. Malgre y ap fè tout sa yo kapab pou fanmi yo ak kominote a ka an sante, anpil ladan yo konn gen pwoblèm pou yo jwenn tan, kouray ak lajan pou yo chèche laswenyay pou tèt yo. Kòm medam yo abitye chèche solisyon pou pwoblèm lòt moun anvan yo chèche solisyon pou pwoblèm pa yo. Yo pa sonje pwòp tèt yo, toutotan yo pa ko fin pran swen fanmi yo. Yon lòt bò, fanmi ki pa gen gwo mwayen pito depanse ti lajan yo genyen nan timoun ak gason olye yo rezoud pwoblèm fanm.

Kominote ki an sante ka ede medam yo konsève sante yo. Fanm ki an sante ka pran swen fanmi yo byen. Fanmi ki an sante ka mete tèt yo ansanm Pou yo ede kominote a fè pwogrè.
Men «evite miyò pase mande padon». Pito n eseye fè prevansyon olye n tann maladi antre sou nou pou n al chèche tretman. Gen kèk bagay nou ka fè pou n evite maladi san n pa depanse anpil lajan. Gen lòt bagay tou k ap mande plis tan, plis jefò ak plis lajan, sitou lè n ap kòmanse avè yo. Men kòm lè yon fanm, fanmi li ak kominote a evite maladi, yo vin gen plis fòs ak lasante, lavi a ap vin pi fasil. L ap pi bon pou tout moun.