Hesperian Health Guides

Medikaman ki pou trete kriz kè (atak kè, kriz kadyak)

Premye swen : Medikaman

Si nou sispek ke yon moun ap fè yon kriz kè, ba li aspirin touswit. Pandan nou nan wout pou al lopital, bay nitroglycérine si nou genyen li.

Nou mèt ba li morphine pou soulaje doulè ak laperèz li.

Nitroglycérine


(glyceryl trinitrate) (nitwogliserin)
Nitroglycérine bon pou trete doulè nan kòf lestomak (anjin pwatrin) kriz kè konn bay la. Li louvri ti venn ki fè san an sikile nan vyann kè a. Konsa kè a jwenn plis fòs pou ponpe san an nan tout kò a.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Pa bay yon moun nitroglycérine si li gen tansyon ba, oubyen si li te bwè sildénafil (viagra) (sildenafil, vyagra) pandan 24 èdtan jis anvan kriz la pran li. Konbinezon medikaman sa yo ka desann tansyon an twòp. Se gwo danje; li ka menm pote yon moun ale.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Li ka bay gwo maltèt, fè l santi cho, oubyen fè l santi tèt li ap vire.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Fè moun nan chita oubyen kouche, paske medikaman an ka ba li tèt vire. Li pa gen dwa rete debou.

Bay ½ mg (0,5 mg) anba lang, pou li fonn la. Tann 5 minit anvan nou bay yon lòt dòz. Pa bay plis pase 3 dòz nan 15 minit.

Pa kraze grenn nan nan bouch, epi pa vale l. Lè l ap fonn, li ka pike oubyen boulè yon ti kras anba lang lan.