Hesperian Health Guides

Chapit 10: Bay bonjan swen pandan tranche ak akouchman

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 10: Bay bonjan swen pandan tranche ak akouchman

Nan chapit sa:

Sa k pase pandan tranche ak akouchman

Nan chapit sa a, nou bay enfòmasyon jeneral sou zafè tranche ak akouchman an, epi nou esplike kèk fason yon fanmsaj ka bay yon fanm ansent soutyen pandan moman sa a.

Li pi fasil pou n esplike tranche ak akouchman kòm 3 etap diferan: matris la ouvri, manman an pouse, epi plasenta a soti. Chapit sa a bay kèk enfòmasyon sou etap sa yo, epi nou pale plis sou chak etap nan chak chapit ki vin apre yo.

MW Ch10 Page 155-1.png
kòl matris

Matris la ouvri

Nan premye pati tranche a, kòl matris la ouvri mezi pou pitit la jwenn wout pou l soti nan matris la. Pou plis enfòmasyon sou pati sa a, gade Chapit 11, “Matris la ouvri”.

Pandan gwosès la, kòl matris la di epi li long tankou yon gwo zòtèy. Tout lè sa a, pa gen anyen ki ka antre oswa soti nan kòl matris la, paske ti pasaj la bouche ak glè.

Lè fen gwosès la kòmanse rive, kontraksyon kòmanse rakousi epi ramoli kòl matris la. Menm anvan tranche a kòmanse, kòl matris la ka ouvri toupiti epi glè ki bouche l la ka soti.

MW Ch10 Page 155-2.png
MW Ch10 Page 155-3.png
MW Ch10 Page 155-4.png
Pandan gwosès la, kòl matris la long, li di, epi li fèmen. Nan fen gwosès la, epi lè tranche a fèk kòmanse, kòl matris la vin pi kout e pi mou. Pandan tranche a, kòl matris a vin byen kout, li vin mou, epi li ouvri.


Kontraksyon tranche yo fòse pitit la desann epi yo fè kòl matris la ouvri.

MW Ch10 Page 156-1.png
Kontraksyon yo fòse pitit la desann epi yo fè kòl matris la ouvri.
  • Kontraksyon yo pouse tèt pitit la anba byen di sou kòl matris la. Mouvman sa a ede kòl matris la ouvri, epi li avanse pitit la pi pre pasaj vajen an.
  • Kontraksyon yo rale kòl matris la ouvri tikras pa tikras. Chak fwa matris la sere, li rale kòl matris la yon ti kras anlè pou l kapab ouvri epi pou yon ti pasaj fèt. Ant kontraksyon yo, kòl matris la lache. Sa kontinye fèt konsa jiskaske kòl matris la fin ouvri nèt epi pitit la ka jwenn pasaj pou l fèt.


Fòk kontraksyon manman an fò anpil pou kòl matris la ouvri nèt. Ti twou sa a dwe ouvri nan yon lajè ki mezire 10 santimèt (4 pous), mezi pou pitit la pase.

a circle that is 10 centimeters across.
Fòk twou a vin gwosè sa a pou bebe a ka fèt.
arrow pointing to a very small hole in the cervix.
Twou kòl matris la gwosè sa a pandan gwosès la.


Manman an pouse

Apre kòl matris la fin ouvri nèt, kontraksyon yo pouse pitit la deyò matris la epi yo fè l pase desann nan vajen an. Manman an pouse tou pou l ede mete bebe a deyò. Sa se dezyèm etap la. Pou plis enfòmasyon sou dezyèm etap la, gade Chapit 12, “Pouse”.

MW Ch10 Page 157-1.png
Kòd lonbrik la pwès, li ble, epi l ap ponpe, sa vle di li toujou ap pase san bay pitit la. Pa koupe l.

Plasenta a soti

Tousuit apre bebe a fèt (twazyèm etap la), li aprann respire. Plasenta a vin separe ak matris la epi li soti deyò nan vajen an. Pou plis enfòmasyon sou twazyèm etap la, gade Chapit 13, “Plasenta a soti”.

Lè pitit la fèk fèt, li toujou branche ak plasenta ki anndan manman an pa mwayen kòd lonbrik la. San ki soti nan plasenta a bay pitit la kèk minit pou l kòmanse respire. Rapidman, pitit la ka respire poukont li epi li pap bezwen plasenta a ankò.

MW Ch10 Page 157-2.png
Kòd lonbrik la mens, li blanch, epi li pap ponpe, sa vle di li pap pase san bay pitit la. Ou ka koupe l.

Nòmalman plasenta a separe ak matris la nan kèk minit apre bebe a fèt. Manman an kapab pouse detwa fwa sèlman, epi plasenta a ap soti deyò vajen an, apre sa bebe a ap oblije respire poukont li.

Tousuit apre akouchman an

Pandan kèk èdtan apre plasenta a soti, manman an kòmanse reprann li, epi bebe a kòmanse abitye ak nouvo anviwònman l lan.

MW Ch10 Page 157-3.png

Plas kote plasenta a te kole nan matris la kòmanse vin sere epi li fèmen, konsa san manman an t ap bay la vin diminye. Matris la vin di. Li ka santi kontraksyon fò apre akouchman an. Kontraksyon sa yo bon, epi y ap ede fè san an rete.

Bebe a dwe kòmanse pran tete. Manman an dwe pipi, epi li ka kòmanse fè poupou.


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024