Hesperian Health Guides

Prepare w pou ka dijans

Nan chapit sa:

Pifò gwosès ak akouchman pase san pwoblèm. Si w sèvi ak enfòmasyon nan chapit ki vin apre yo, ou ka evite anpil pwoblèm. Sepandan, nenpòt fi ka rive gen pwoblèm grav, menmsi li gen yon bon sante.

Gen twa fason fanmsaj ka ede evite pwoblèm sante:

  1. Fanmsaj veye move siy, sètadi senmtòm ki montre yon fi pral gen yon pwoblèm.
  2. Fanmsaj fè tretman pwoblèm dijans lè l kapab.
  3. Fanmsaj mennen fi ki gen move siy ki grav oswa pwoblèm sante grav kay doktè oswa lopital.
2 health workers speaking.
Gen yon bagay ki t ap twouble m. Se sa k fèm mennen fi a lopital la.
Mwen kontan w te fè sa. Li gen yon enfeksyon.

Veye move siy

W ap jwenn anpil lòt enfòmasyon sou move siy nan pwochen chapit yo ki pale sou tranche ak akouchman. Anpil nan siy sa yo siyifi ou dwe veye plis toujou, epi w ap suiv. Gen kèk move siy ki ka disparèt poukont yo. Gen lòt ki grav anpil. Si yon fi gen yon move siy ki grav, oswa yon move siy ki dire, li dwe chèche èd tousuit.

Ou ka konnen kèk lòt move siy ki pa nan liv sa a. Panse sou pwoblèm sante ki egziste kay fanm ansent nan zòn nan. Èske fi ki konn gen pwoblèm sa yo konn bay move siy davans?

Pafwa, fanmsaj yo pa wè okenn siy ki montre gen pwoblèm, men yo jis santi pwoblèm nan. Si w santi w konsa, chèche asistans nan men lòt fanmsaj, nan men lòt moun k ap travay nan domèn swen sante a, oswa nan men doktè. Yo ka ede w jwenn pwoblèm nan.

Trete l nan ka dijans yo

Liv sa a esplike fason pou w aji rapidman pou trete pèt de san, eta chòk, ak lòt ka dijans. Bat pou w jwenn fòmasyon pou w ka ede nan ka dijans sa yo otank posib.

Mennen l lopital

Gen pwoblèm ki konn rive pandan akouchman an kote fanmsaj la ka pa gen posiblite ede l lakay oswa nan yon ti klinik. Si yon manman ap bay anpil san, li fè pre-eklanmsi, li gen tranche ki trè long, li gen fyèv ki trè cho, oswa li gen lòt pwoblèm grav, yon fanmsaj gendwa pap ka sove lavi l. Lè sa a, lavi manman an an danje, e fanmsaj la dwe mennen l lopital tousuit.

a hospital with a door labeled "Emergency."

Si manman an oswa pitit la gen yon pwoblèm grav, yo bezwen yon lopital ki byen ekipe avèk zouti, medikaman, ak doktè ki eksperimante. Menmsi w trete yon fi ki gen yon pwoblèm grav lakay, l ap toujou bon pou w chèche asistans medikal pou w asire w li anfòm.

Anvan akouchman, ede chak manman aktout fanmi l fè yon plan mwayen transpò pou sizoka yo bezwen ale lopital. Gade paj 106 pou w jwenn kèk lide sou sa. Chèche konnen ki kote lopital ki pi pre a ye. Asire w gen transpò (pa egzanp, yon kamyonèt ak chofè), epi lajan pou peye gaz ak lòt depans. (Menmsi l pa gen lajan, depi se yon ka dijans, ou dwe chèche asistans medikal kanmenm.) Gade Chapit 24 pou w jwenn plis enfòmasyon sou ki jan pou w travay tèt kole ak lopital epi ak lòt pwofesyonèl lasante.


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024