Hesperian Health Guides

Mete esterilè a

Nan chapit sa:

Gen plizyè kalite esterilè, e chak kalite esterilè gen yon fason pou w mete l. Anvan w mete yon esterilè, ou dwe chèche konnen ki jan pou w mete kalite w genyen an. Pifò esterilè vini ak enstriksyon. Men etap ou dwe suiv pou kèlkeswa esterilè w ap mete a:

  1. Mande fi a pou l fè pipi.
  2. Esterilize tout zouti w ap bezwen pou mete esterilè a epi mete yo sou yon twal oswa sou yon papye ki esterilize.

    MW Ch21 Page 392-2.png
    Gan plastik
    Espekilòm
    Pens won ak twal gaz oswa yon tanpon long pou netwaye kòl matris la
    Pens tenakilòm
    Sizo
    Sonn pou verifye matris la



    Lòt zouti w ap bezwen:

    a flashlight.
    MW Ch21 Page 393-2.png
    MW Ch21 Page 393-3.png
    Yon bon limyè Yon bòl ki gen antiseptik tankou betadin oswa “Hibiclens” Esterilè a ak tib pou mete l la, ki anndan yon pake esterilize


    Gen anpil kalite esterilè. Twa kalite ki popilè se “Copper T” (oswa “ParaGuard”), “Mirena” or “Skyla” Tout esterilè sa yo san danje epi yo efikas.


    MW Ch21 Page 393-4.png
    MW Ch21 Page 393-5-a.png
    Copper T
    IUD
    Mirena
    IUD

    Nan liv sa a, nou bay enfòmasyon sou ki jan pou itilize yon sèl kalite esterilè, “Copper T” a. Nou pale sou li paske li efikas, li san danje, epi li popilè. Gen lòt kalite esterilè ki antre menm jan ak “Copper T” a. Men, asire w ou li enstriksyon ki vini ak esterilè w ap itilize a.


  3. Mete esterilè a nan tib la.

    Prepare esterilè “Copper T” a

    Esterilè “Copper T” a vini nan yon pake ki esterilize. Mete pake a sou yon tab ki pwòp, avèk bò ki gen papye a sou anba. Konsa w ap ka wè esterilè a anndan plastik ki kouvri l la.
    MW Ch21 Page 393-7.png


    Anndan pake a gen 3 pati:

    Esterilè Tib pou mete esterilè a Bagèt
    an IUD with parts labeled.
    Manch
    Fil
    an insertion tube with movable gauge.
    Bouton kontwòl
    MW Ch21 Page 393-10.png

    Enstriksyon sa yo di w ki jan pou antre esterilè a anndan tib la pandan esterilè a tou nan pake a. Si w mete esterilè a nan tib la pandan l toujou anndan pake a, epi ou pa manyen esterilè a, l ap rete esterilize menmsi w pa mete gan esterilize. Pa janm manyen esterilè a ni pwent tib la, ni pwent bagèt ki pral anndan matris fi a, eksepte si w mete gan esterilize.

    MW Ch21 Page 394-1.png

    Antre esterilè a nan tib la lè w prèske pare pou mete l nan fi a. Si esterilè a rete nan tib la pou plis pase 5 minit, li pap mache ankò: manch yo pap ouvri anndan matris la.

    MW Ch21 Page 394-2.png

    Ouvri pake a ademi, kòmanse sou bò ki pi lwen esterilè a, epi pouse bagèt la sou kote pou l pa deranje sa w ap fè a.

    MW Ch21 Page 394-3.png

    Kenbe tib la byen fèm ak yon men. Ak lòt men an, kenbe esterilè a pandan l anndan plastik la epi antre manch yo nan tib la. Mete pous ou sou yon manch epi mete dwèt endèks ou sou lòt manch lan, epi peze yo ansanm.

    Antre esterilè ki tou pliye a nan tib la.

    Mete bagèt la nan lòt pwent tib la epi fè l pase bò kote fil yo. Kanpe lè bagèt la touche pwent esterilè a, epi kenbe l la a.

    Kounye a, esterilè a pare pou w mete l.


    MW Ch21 Page 394-4.png
  4. Mete fi a kouche so do ak jenou l pliye epi janm li ouvri.

  5. Ankouraje fi a rilaks. Ou ka eseye pran gwo souf ansanm avè l, pale dousman, oswa mete yon men sou zèpòl li pou w ba l asirans.

  6. MW Ch21 Page 395-1.png
  7. Suiv enstriksyon pou w byen lave men w ak savon ak dlo. Kite men w seche poukont yo nan lè epi mete gan ki esterilize.

  8. 2 gloved fingers in a woman's vagina while another hand presses on the belly.
  9. Chèche touche matris fi a.
    • Chèche ki gwosè matris la ye epi nan ki pozisyon li ye.
    • Asire w fi a pa ansent.
    • Asire w matris la pa gwosi ni li pa fè fi a mal.

  10. Foure yon espekilòm ki esterilize byen dousman.
  11. MW Ch21 Page 395-3.png


    MW Ch21 Page 395-4.png
  12. Lave kòl matris la avèk antiseptik. Ou ka itilize yon tanpon ki long oswa yon pens won ak yon twal gaz esterilize ki mouye ak antiseptik.
  13. MW Ch21 Page 395-5.png


  14. Kenbe kòl matris la ak yon pens tenakilòm epi fèmen pens la byen dousman. Rale kòl matris la byen dousman pou w ka ranje l dwat. Matris la bezwen dwat pandan w ap antre sonn nan ak esterilè a. Si fi a santi doulè, kanpe. Pran yon ti poz epi mande fi a pou l di w lè l pare pou w kontinye.

  15. Pou w ka mezire matris la, antre yon sonn esterilize nan pasaj kòl matris la rive anndan matris la.

    Ou dwe kenbe sonn nan nan manch li sèlman, epi foure l ak anpil prekosyon nan kòl matris la. Pa kite sonn nan touche anyen sof kòl matris la. Sonn nan pap esterilize ankò si l touche yon lòt bagay, menm vajen fi a.
    MW Ch21 Page 396-1.png


    Foure sonn nan avèk dousè men avèk fèmte. Si l difisil pou pouse sonn nan antre nan kòl matris la, vire l pandan w ap pouse l. Pa pouse twò fò. Sa ta ka pouse sonn nan tèlman fon ou rive pèse matris la. Sa danjere anpil.

    MW Ch21 Page 396-2.png




    Yon fwa sonn nan antre nan kòl matris la, pouse sonn nan byen dousman jiskaske w santi l touche dèyè matris la.

    Sonn nan make an sentimèt (cm). Lè w retire sonn nan, l ap mouye rive nan yon mak. Mak sa a montre ki gwosè matris la ye a.

  16. Lè w konn gwosè matris la, ou ka make tib la pou l menm longè ak matris la.
    using the sound to set the gauge on the inserter tube.
    Sonn nan mouye rive nan pwen sa a . . .
    . . . donk, deplase bouton kontwòl la nan menm distans lan, soti nan pwent tib la.

    Gade esterilè a pandan l anndan pake a. Tib la gen yon ti bouton kontwòl sou li anndan pake a. Deplase bouton ki sou tib la pou l menm gwosè ak matris la. Pou fè sa, pouse bouton an pandan esterilè a rete tou esterilize anndan pake a.

  17. MW Ch21 Page 396-4.png
  18. Kounye a ouvri pake a nèt, retire tib la nan pake a, epi antre esterilè a anndan matris la. Fòk esterilè a rete esterilize! Pa kite anyen touche l, menm bò vajen fi a.
    MW Ch21 Page 397-1.png



    Kenbe kòl matris la anplas avèk pens tenakilòm nan, epi pouse tib ki kenbe esterilè a byen dousman anndan pasaj kòl matris la. Pa janm fòse esterilè a antre nan matris la, menmsi li difisil pou mete.

    MW Ch21 Page 397-2.png




    Pouse tib ki kenbe esterilè a nètale rive nan do matris la. Lè bouton kontwòl la rive nan kòl matris la, sa vle di ou pouse esterilè a rive nan do matris la. Si w santi gen anpèchman, pa pouse pi lwen.

    Kenbe bagèt la anplas. Sa pèmèt esterilè a rete anplas. San w pa kite bagèt la deplase, rale tib la vin jwenn ou dousman. Lè tib la soti deyò kòl matris la, ou ka rale bagèt la vin sou ou epi deyò kòl matris la.
    MW Ch21 Page 397-3.png
    Kenbe bagèt la anplas.
    Rale tib la vin jwenn ou.
    MW Ch21 Page 397-4.png
    Apre sa, retire ni tib la ni bagèt la.


  19. MW Ch21 Page 398-1.png
    MW Ch21 Page 398-2.png
    Koupe fil yo pou apeprè 2 sentimèt ka pandye deyò kòl matris la. Retire pens tenakilòm nan ak espekilòm nan byen dousman.
    2 santimèt
  20. Kite apeprè 2 sentimèt fil pandye deyò kòl matris la.

  21. Mete tout zouti yo ak gan yo nan dlo klowòks oswa nan lòt kalite dezenfekte chimik.

  22. Ht MW Ch20 Page 379-1.png
  23. Jete tout fatra yo, ni twal gaz yo, ni tib ki te sèvi pou antre esterilè a.

  24. Lave men w ak savon ak dlo


Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024