Hesperian Health Guides

Anvan w mete esterilè a

Nan chapit sa:

Asire w fi a pa gen maladi moun pran nan fè sèks

Men kèk siy maladi moun pran nan fè sèks:

  • Ekoulman ki soti nan vajen an ki gen move sant.
  • Vajen fi a ap boule l, l ap fè l mal, oubyen l ap grate l.
  • Lè fi a pipi li santi l ap boule l, li fè l mal, oswa li grate l.
  • Maleng nan vajen oswa nan twou dèyè.


Sonje, anpil fi gen maladi moun pran nan fè sèks san yo pa gen siy ki montre sa. Toujou fè egzamen pou yon fi pou wè si l gen maladi moun pran nan fè sèks anvan w mete yon esterilè pou li. Si w pa ka fè egzamen pou li, men fi a vle esterilè a kanmenm, ou ka ba l tretman pou klamidya ak gonore epi mete esterilè a. Gade Chapit 18 pou w aprann plis. Pa mete esterilè pou yon fi si w pa sèten li pa gen maladi moun pran nan fè sèks.

Asire w fi a pa ansent

Si w mete esterilè pou yon fi pandan l ansent, esterilè a ka lakòz fi a fè foskouch. Asire w fi a pa ansent anvan w mete yon esterilè. Ou ka sèten li pa ansent si:

  • Li gen règ li.
  • Li pa t fè sèks depi dènye fwa li te gen règ li.
  • L ap itilize yon metòd planin ki gen òmòn tankou konprime a, piki, oswa enplant (epi kounye a li vle itilize yon esterilè pito).
a health worker speaking with a woman while showing her a speculum and IUD.
Premyèman, m ap itilize yon espekilò m pou kenb e vajen an ouvri pou m ka jw enn b ouch matris la.
Eske l ap fè m mal?

Esplike l sa k pral pase pandan w ap mete esterilè a

Anvan w mete esterilè a, esplike fi a sa w pral fè. Di l mete yon esterilè ka fè l mal yon tikras, men l pa ta dwe fè l mal twòp. Di l w ap kanpe si l fè l mal twòp oswa si l vle w kanpe pou nenpòt rezon kèlkonk. Reponn nenpòt kesyon li genyen sou esterilè a oswa sou lè w ap mete l la.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024