Hesperian Health Guides

Lave kote akouchman an ap fèt ak sa k sou kabann nan

Nan chapit sa:

Lave kote akouchman an ap fèt

MW Ch5 Page 57-1.png
Lakay

Youn nan rezon ki fè akouchman oswa pwosedi medikal ka fèt an sekirite lakay yon fi, menm jan ak nan yon lopital, se paske yon kay ki pwòp pa gen tout kantite mikwòb ki gen nan yon lopital. Men, kay la dwe toujou pwòpte ak anpil atansyon, sitou kote pitit la pral fèt la oswa kote w pral fè pwosedi tankou egzamen basen oswa mete esterilè.

Bale tout pousyè ak salte ki atè a, epi lave tout sifas yo avèk dlo ak savon. Mete zouti w yo ak materyèl pou akouchman an yo sou yon bagay ki pwòp.

Mete tout bèt deyò kay la epi pinga w fè okenn pwosedi medikal kote bèt konn kouche oswa poupou, ni kote moun konn pipi oswa poupou. Si atè kay la fèt ak fimye (poupou bèt), pa kite kò fi a ni okenn nan zouti w yo touche atè a. Fimye (poupou bèt) gen anpil mikwòb ladan l ki ka enfekte fanm ansent byen fasil. Ou ka kouvri atè a avèk bagay ki pwòp tankou pay, twal, oswa plastik.

Nan yon lopital, sant matènite, oswa dispansè

Pran anpil prekosyon. Mikwòb ka soti sou yon moun pou ale sou yon lot fasilman.

Apre chak akouchman, lave atè a ak tout sifas yo. Si posib, lave atè a ak dlo klowòks (sodyòm ipoklorit).

Ki jan pou w fè yon dlo klowòks ki gen 5% klowòks

Si klowòks la di li gen:
5% klowòks ladan l: 10% klowòks ladan l: 15% klowòks ladan l:
MW Ch5 Page 57-2.png
MW Ch5 Page 57-3.png
MW Ch5 Page 57-4.png
itilize klòrks san melanj, san dlo mete 1 mezi klowòks avèk yon mezi dlo mete 1 mezi klowòks avèk 2 mezi dlo
Prepare kantite w ap bezwen pou yon jou sèlman. Pa sèvi avè l nan demen. Li pap ase fò pou l detwi mikwòb ankò.

MW Ch5 Page 57-5.png

Si w pa gen klowòks, ou ka lave atè a avèk pwodui sa yo:

  • Etanòl (alkòl medikal) 70%
  • Alkòl izopwopil 70%
  • Pewoksid idwojèn 6%
  • Dlo fab
  • Amonya (Men, pinga w janm melanje klowòks avèk amonya. Lè yo melanje yo tounen pwazon).

Lave e esterilize sa k sou kabann nan

MW Ch5 Page 58-1.png
Lakay

Lave dra ki kouvri kabann nan avèk dlo ak savon, epi tann li nan solèy oswa repase l pou seche l. Pa tann dra atè, l ap ranmase mikwòb.

Nan lopital, sant matènite, oswa dispansè

Sa k kouvri kabann nan dwe esterilize apre chak akouchman. Itilize youn nan metòd sa yo pou detwi mikwòb yo:

  • Lave tout bagay sou kabann nan avèk dlo ak savon. Apre sa, bouyi yo pandan 30 minit. Byen seche yo yon kote ki pwòp.
oswa
  • Lave tout bagay sou kabann nan avèk dlo ak savon. Apre sa, seche yo avèk yon fè repase ki byen cho.
Fr MW Ch5 Page 58-2.png
MW Ch5 Page 58-3.png

Si youn nan metòd sa yo pa posib, lave tout bagay sou kabann nan avèk dlo ak savon epi tann yo nan solèy jiskaske yo byen sèch. Vire yo yon fason pou solèy la klere toude bò yo, epi fè atansyon pou yo rete pwòp.

Sere tout bagay ki pou kabann nan pou yo pa pran mikwòb

Si w pap itilize bagay ki pou kabann nan toutsuit, kenbe yo pwòp epi sèch jiskaske w prè pou w itilize yo. Mete yo nan yon sachè ki pwòp oswa double yo nan yon papye ki pwòp epi sere yo yon kote ki sèch e ki pwòp.

Note sa: Pa sere bagay kabann yo si yo mouye toujou, pou mikwòb yo pa tounen.


Lòt kalite bagay pou mete atè a

MW Ch5 Page 58-4.png

Pafwa, pa gen ni kabann ni dra pou akouchman an. Lè konsa li oblije fèt atè a. Nan yon ka konsa, li bon pou w jwenn lòt bagay pou mete atè a. Sa pral pwoteje bebe a ak manman l kont mikwòb ak salte ki atè a. Chèche yon jan pou w lave bagay sa yo anvan yo sèvi. Pa egzanp, ou ka lave fèy bannann ak yon melanj dezenfektan epi pase yo sou dife oswa seche yo nan solèy. Oubyen, ou ka bouyi epi seche ranyon ak moso sak.



Nou te mete paj sa a ajou: 22 me 2023