Hesperian Health Guides

Ede yon fi deside si yon esterilè ap bon pou li

Nan chapit sa:

Esterilè a se yon metòd planin ki trèzefikas, men li gen risk. Anvan w mete yon esterilè, ede fi a deside si esterilè a se yon bon metòd pou li.

Avantaj esterilè a

  • Li efikas anpil. Se trè difisil pou yon fi tonbe ansent pandan l gen yon esterilè.
  • Yo ka retire l nenpòt lè fi a deside li vle fè pitit.
  • Li fasil pou itilize. Apre fi a fin mete esterilè a nan matris li, li sèlman bezwen verifye yon fwa chak mwa si esterilè a la. Li pa bezwen verifye l anvan oswa apre l fin fè sèks.
  • Yon kalite esterilè (ki rele “Mirena”) gen yon ti kantite òmòn ladan l. Esterilè sa a ka fe règ la vin pi lejè oswa rete nèt, epi l ka anpeche vant/senti fè mal la.

Dezavantaj esterilè a

  • Esterilè pa pwoteje fi kont VIH/SIDA oswa lòt maladi moun pran nan fè sèks (gade Chapit 18).
  • Yon fi pa ka mete oswa retire yon esterilè pou tèt li. Yon fi ki mete esterilè pa dwe twò lwen yon sant sante kote li ka jwenn asistans si esterilè a ba l pwoblèm, oswa si l bezwen retire l si l vle ansent.
  • Esterilè a ka fè gwo chanjman nan règ fi a. Pifò ladan yo lakòz vant/senti fè mal ki pi rèd, epi fi a ka senyen plis. Esterilè “Mirena” a ka lakòz yon ti san vini yon lè konsa.
Esterilè se yon danje pou kèk fi

Pa mete esterilè pou:

  • Fi ki gen yon maladi moun pran nan fè sèks. Si yon fi mete yon esterilè lè l gen yon maladi konsa, enfeksyon an ka pwopaje nan matris li byen fasil. Enfeksyon nan matris danjere anpil, e yo ka lakòz fi a pa ka fè pitit. Anvan w mete yon esterilè, fi a dwe fè egzamen pou wè si l gen yon maladi moun pran nan fè sèks.
  • Fi ki te fèk gen yon enfeksyon nan matris.
  • Fi ki te fè yon foskouch, avòtman, oswa ki gen sèlman 6 semèn depi yo te akouche.
  • Fi ki anemi, oswa ki gen konn gen gwo vant fè mal oubyen anpil san lè yo gen règ yo.
  • Fi ki gen fibwòm oswa matris yo gen yon fòm ki pa nòmal.


Pa mete yon esterilè ki fèt an kuiv pou yon fi ki fè alèji ak kuiv.

Libète pou chwazi oswa pou refize yon esterilè

Gen kèk kote yo pouse medam yo mete esterilè. Yo konn mete esterilè pou yon fi san l pa konnen. Sa konn rive lè doktè ak lòt pwofesyonèl lasante ap pran presyon nan men gouvènman lokal la oubyen gouvènman entènasyonal yo oswa nan men òganizasyon k ap bay èd pou yo bay fi esterilè menmsi yo pa vle.

a health worker and a pregnant woman speaking.
Kou pitit la fin fèt, n ap mete yon esterilè nan matris ou pou w pa ansent ankò.
Men, mwen menm ak Marco vle fè anpil pitit!

Jan de taktik sa yo retire dwa yon fi genyen pou l chwazi si l vle fè planin epi ki lè l ap fè sa. Tout fi dwe gen dwa pou yo fè chwa sa a pou tèt yo.

Pa janm bay yon fi presyon pou l itilize yon esterilè. Aprann plis sou esterilè. Chak fi dwe konprann tout avantaj ak dezavantaj ki genyen pou yo ka deside si yo vle oswa si yo pa vle yon esterilè. Asire w fi a konprann tout bagay anvan w mete youn pou li.


Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024