Hesperian Health Guides

Fè kitaj la

Nan chapit sa:


  1. Pou kreye yon espas vid nan sereng nan ki gen yon presyon k ap kapab rale dechè gwosès la, men sa pou w fè:
    MW Ch23 Page 422-1-a.png
    Pouse bouton yo antre


    Pouse bouton vàn yo antre/monte pou w ka fèmen vàn nan; bouton yo ap fè yon son “klik” epi y ap rete kole anplas jiskaske w ouvri yo ankò.

    Kenbe kò sereng nan ak yon men, epi rale piston an dèyè ak lòt men an, jiskaske manch piston yo ouvri kò yo sou deyò ak yon ti bri lè piston an rive nan pwent kò sereng nan.

    MW Ch23 Page 422-2-a.png
    Rale piston an al dèyè.
    Manch sereng yo ap ouvri ak yon bri sèk.


    Verifye 2 manch piston yo. Toude dwe soti deyò nèt. Depi manch yo ouvri nan pozisyon sa a, ou sipoze pap ka repouse piston an antre nan kò sereng nan ankò.

  2. ATANSYON!   Pa janm sere manch piston yo ansanm oswa pouse piston an anndan kò sereng nan pandan w ap fè yon kitaj. Sa t ap fè sa ki nan sereng nan tounen nan matris fi a ankò. Sa ta ka touye fi a.

  3. Klere pati jenital fi a ak yon limyè pou w ka wè byen. Ou ka bezwen yon moun ki pou kenbe limyè a.

  4. MW Ch23 Page 422-3.png
    MW Ch23 Page 422-4.png
  5. Lave men w ak savon ak dlo pandan plizyè minit. Kite men w seche nan lè. Mete gan plastik pwòp nan men w.
  6. a bimanual exam.
  7. Lè fi a di w li pare, suiv etap pou fè yon egzamen 2 men. Pran gwosè matris la. Matris la ta dwe gen egzakteman gwosè pou kantite semèn fi a te di w li genyen depi l ansent lan. Si matris la gwo anpil, petèt li gen plis tan ansent pase sa l panse. Pa fè kitaj pou yon fi ki gen plis pase 3 mwa ansent, sof si l gen gwo pwoblèm apre yon avòtman ki pa t konplè epi ou pa gen okenn lòt mwayen pou w ede l apa de kitaj la.

  8. Retire gan yo, lave men w, epi mete lòt gan ki esterilize. Sa ap pèmèt tout zouti yo rete esterilize pou kitaj la pandan w ap fè l

  9. Enstale yon espekilòm avèk jantiyès.
    MW Ch23 Page 423-2.png
  10. washing the cervix.
  11. Kenbe yon moso twal gaz esterilize nan yon pens won (oswa pran yon tanpon long), epi tranpe l nan solisyon antiseptik la. Itilize l pou lave kòl matris la.

  12. Si w te deside bay yon piki pou angoudi kòl matris la, fè l kounye a.


  13. Mande fi a pou l respire byen fon epi pou l rilaks kò l. Lè l pare, kenbe kòl matris la avèk yon pens tenakilòm oswa ak yon pens won. Fèmen pens tenakilòm nan, epi rale l toupiti pou w ka drese matris la. Sa ka fè fi a malalèz anpil, donk ale dousman epi di l sa w ap fè.
    MW Ch23 Page 423-4.png
    grasping the cervix.




  14. </span>


  15. Chwazi youn nan kanil yo. Tib sa yo vini nan plizyè dimansyon diferan (dimansyon an ka ekri sou li). Ou dwe itilize yon kanil ki apwopriye parapò ak gwosè matris fi a. Tablo sa a ka ede w wè ki kalite kanil ki ka pi efikas:

  16. Gen kanil ki bezwen yon adaptè pou yo ka konekte avèk kèk sereng. Si w bezwen yon adaptè, mete l kounye a.

  17. inserting the cannula.
  18. Di fi a ou pare pou w kòmanse. Lè l pare, li menm, avèk dousè pouse kanil ki esterilize a antre nan pasaj kòl matris la. Pa kite kanil la touche ak anyen ankò, menm ak bò vajen an, anvan l antre nan kòl matris la. Pafwa, kòl matris la konn twò sere pou l kite yon kanil ki twò laj pase. Si sa rive, foure yon kanil ki piti nan kòl matris la anvan, epi apre sa retire l e mete yon kanil ki pi laj.

    MW Ch23 Page 425-5-a.png

    Eseye vire kanil la byen dousman pandan w ap antre l nan kòl matris la. Sa ap fè l antre pi fasil.

    Pandan w ap foure kanil la, suiv fi a pou wè si l pa gen doulè. Mande l pou l di w si pwosedi a fè l mal. Pafwa se figi fi a k ap di w si l santi doulè, menmsi l pa fè bri.

    Si fi a santi doulè, ralanti. Lè w ale dousman, sa ka anpeche l blese. Mande fi a pou l respire byen fon pou kò l ka lache epi pou kòl matris la ka ouvri.


  19. Dirije kanil la antre byen dousman jiskaske ou santi l rete sou tèt matris la. Lè w santi l touche tèt kòl matris la, rale kanil la fè bak toupiti. Si w vle, ou ka lage pens tenaklòlòm nan.

  20. MW Ch23 Page 426-1-a.png
  21. Kenbe sereng nan avèk yon men epi kenbe kanil la avèk lòt men an. Kole sereng nan ak kanil la lè w rale kanil la yon tikras al dèyè sou sereng nan. Fè atansyon pou w pa pouse kanil la antre nan matris la. Si l antre twò lwen l ap blese matris la.


  22. MW Ch23 Page 426-2.png
  23. Peze bouton ki sou sereng nan vin sou ou pou w ka ouvri vàn nan. Bouton yo dwe fè “klik”. Likid ki tankou kim ak mous ansanm ak san ak rès dechè gwosès la ap jayi sot nan matris la ale nan sereng nan. Ka gen san ki soti nan vajen an tou.
  24. MW Ch23 Page 427-1.png
  25. Netwaye matris la lè w fè mouvman antre soti byen dousman ak kanil la pandan w ap vire sereng nan (an wotasyon).

    Pa rale pwent kanil la soti deyò matris la.

    Si w rale pwent kanil la soti deyò kòl matris la, presyon ki te gen nan sereng nan ap pèdi. Menmsi w remete kanil la anndan matris la, li pap rale rès dechè yo ankò. Kitaj la pap fin fèt.

    Pa pouse kanil la twò lwen anndan pou w pa blese matris la.

  26. Kontinye deplase sereng nan epi vire l jiskaske matris la vid. Jeneralman, matris la ap fin vid apre 5 minit. Men siy ki montre matris la vid:
    • Sèl sa ki nan kanil la se yon kim woz.
    • Pa gen chè nan kanil la ankò.
    • Lè w touche anndan matris la ak pwent kanil la, matris la di epi l graj.
    • Matris la ratresi epi li sere kanil la.
    MW Ch23 Page 427-2-a.png

  27. Lè matris la vid, retire sereng nan sou kanil la. Jete sa ki nan sereng nan nan yon veso transparan, tankou yon vè.

    Kounye a, rale kanil la deyò byen dousman, apre sa retire pens tenakilòm nan ak espekilòm nan.
    MW Ch23 Page 427-3-a.png

  28. MW Ch23 Page 428-1.png
    Gade rès dechè ki te nan matris la pou wè si l konplè. Li enpòtan pou konnen si w retire tout rès dechè yo, paske si gen dechè ki rete anndan matris la, sa ka lakòz enfeksyon oswa pèt san.

    Vide rès dechè a nan yon paswa oswa ajoute enpe dlo pwòp nan bokal ki gen dechè a. Sa w wè a depann de rezon ki fè fi a te bezwen kitaj la.

    Si fi a te fè kitaj la pou l mete fen nan yon gwosès oswa paske fi a t ap bay san apre yon foskouch, ou dwe wè tout rès pitit la. Apre 4 semèn gwosès, dwe gen chè ki gen koulè blanch oswa koulè jòn tankou plim zwazo ki kole ak yon ti sak transparan. Si w pa wè tout bagay sa yo, ou dwe refè kitaj la.

    Si w ap fè yon kitaj pou w ka netwaye matris la apre yon avòtman oswa yon foskouch ki pa t konplè, ou ka pa wè tout dechè sa yo. Genyen ki ka te gentan soti nan matris la. Antouka, note sa w wè yo. Si w pa wè tout dechè gwosès ki ta dwe soti a, epi san kontinye ap vide sou fi a oswa si l gen siy enfeksyon, ou dwe refè pwosedi a.

  29. Itilize enstriksyon ki pou w jete dechè yo san danje.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024