Hesperian Health Guides

Apre w fin mete esterilè a

Nan chapit sa:

Esplike fi a li ka bay san epi gen doulè pandan 1 a 2 jou. Lè l gen règ li, li ka bay plis san pandan kèk mwa pase sa l te konn bay la. Sa nòmal. Di l ki jan pou l verifye esterilè a epi ki move siy pou l veye.

Yon fi ki mete esterilè dwe fè tchèkòp kay doktè regilyèman. Epitou, li dwe verifye esterilè a pou l asire li rete anndan matris li, epi li dwe veye lòt siy ki ka di si gen yon pwoblèm. Si esterilè a soti, gen plis chans pou sa rive pandan l gen règ li. Donk, li dwe verfiye esterilè a apre règ li chak mwa.

Pou verifye esterilè a

Li dwe lave men l epi foure yon dwèt anndan vajen l pou rive nan kòl matris la. Lè l manyen kòl matris la, li dwe santi gen fil ki pandye soti nan bouch kòl matris la. Si l pa ka santi fil yo, sa vle di esterilè a monte al nan matris li, oswa li soti deyò nèt epi li pap mache ankò.

Siy ki ka montre gen yon pwoblèm

Si l pa ka santi fil yo, li bezwen asistans medikal. Yon pwofesyonèl lasante dwe chèche esterilè a lè l itilize yon pens pou antre anndan matris la oswa li fè yon sonogram pou l ka wè anndan matris la. Piske esterilè a gendwa te tonbe, fi a dwe itilize yon lòt metòd planin si l pa vle ansent.

Si fi a sispann gen règ li, oswa si l gen lòt siy ki endike li ansent, li dwe wè yon pwofesyonèl lasante tousuit pou retire esterilè a. Si l kite l pandan l ansent, sa ka lakòz foskouch, enfeksyon, oswa bebe a ka fèt anvan lè. L ap pi fasil anpeche yon foskouch si l retire esterilè a tousuit olye li kite l.

(Sonje sa, esterilè “Mirena” a ka fè règ li rete, donk sa sèlman pa yon siy gwosès si se “Mirena” a fi a ap itilize.)


Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024