Hesperian Health Guides
Retire esterilè a
Esterilè “Copper T” a ka rete anndan matris la pou 10 an. Lòt kalite yo ka pa mache pou tout tan sa a. Kèlkeswa esterilè ka soti nenpòt lè fi a vle. Apre esterilè a fin soti, fi a ka ansent tousuit. Si l pa vle ansent, li dwe sèvi ak yon lòt metòd planin.
Pou retire yon esterilè:
- Lave men w, mete gan esterilize, epi fè yon egzamen 2 men pou egzamine matris la pou asire fi a pa ansent. Mete yon espekilòm.
- Lave kòl matris la avèk yon tanpon long oswa yon pens won ak twal gaz esterilize ki tranpe nan antiseptik.
- Klanmse yon pens oswa yon zouti yo konn sèvi pou kenbe zegui nan fil la.
- Rale fil la avèk fèmte. Esterilè a dwe soti. Si w wè pwent plastik esterilè a, pran l ak pens lan epi rale l. Si w santi anpil rezistans, kanpe! Ou ka kase fil la. Kite yon moun ki pi eksperimante fin retire esterilè a.

Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024