Hesperian Health Guides

Montre medem yo ki jan pou yo evite maladi moun pran nan fè sèks

Nan chapit sa:

MW Ch18 Page 336-2.png

Medam yo dwe konnen nenpòt moun yo fè sèks avè l ka gen yon MPS. Gason ki fè sèks ak plizyè fi san kapòt gen plis chans pou yo gen yon MPS.

Fè egzamen se sèl mwayen pou konnen si yon moun gen yon MPS. Chèche konnen si gen yon kote ki pa chè nan zòn nan pou fè egzamen MPS, epi gade konsènan ki jan w ka fè egzamen pou medam yo, ou menm.

Pi bon fason pou yon fi evite pran yon MPS se pou l evite fè sèks ak nenpòt moun ki ka enfekte. Oswa tou, li ka itilize kapòt (pou gason oswa pou fi) lè l ap fè sèks. Kapòt pwoteje kont pifò MPS, men toujou gen yon ti chans pou yon moun pran yon MPS menm lè l itilize yon kapòt.

Fanmsaj yo ka ede pwoteje medam yo pou yo pa pran VIH/SIDA ak epatit B lè yo esterilize tout zegui, sereng, ak lòt zouti ki sèvi pandan akouchman oswa pandan lòt kalite pwosedi.

Fanmsaj yo ka aprann med am yo teknik sa yo pou yo ka pwotej e tèt yo:
  • Itilize kapòt chak fwa l ap fè sèks.
  • Pa fè sèks avèk yon moun ki gen siy MPS (menm lè anpil MPS ka kontinye pwopaje san moun nan pa bay okenn siy).
  • Pa fè lavaj anndan vajen an, epi pa seche l avèk fèy oubyen poud. Lè vajen an sèk oswa irite, sèks ka lakòz ti blese nan po a, epi sa ap fè fi a gen plis chans pou l enfekte ak VIH oswa yon lòt MPS.


Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024