Hesperian Health Guides

Ki jan pou deside ki lè pou fè kitaj

Nan chapit sa:

Fi ki gen rès dechè gwosès ki rete anndan matris yo apre yon foskouch oswa apre yon avòtman ki pa t konplè ka mouri akoz enfeksyon oswa akoz l ap pèdi san. Kitaj ka sove lavi yo.

Sepandan, kitaj danjere si l pa fèt ak anpil prekosyon. Pou fè kitaj, ou oblije foure yon bagay anndan matris fi a. Nenpòt sa w mete anndan matris la se yon danje paske si w pa fè l kòrèkteman, li ka ba l yon enfeksyon grav oswa li ka blese matris li.

MW Ch23 Page 418-1.png

Epitou, pou kitaj la fèt san danje, gwosès la pa dwe gen plis pase 12 semèn.

Anvan w fè yon kitaj, ou dwe gade si pa gen yon lòt bagay ou ka fè ki pi bon. Èske pa gen yon sant medikal nan zòn nan kote yon pwofesyonèl lasante ka netwaye matris la? Èske li pap pi bon pou w ba l “misoprostol” olye w fè kitaj? Fè kitaj sèlman lè se fason pou netwaye matris la ki gen mwens danje pou fi a.

Pou kitaj la ka fèt san danje, men sa w bezwen:

a speculum and cannula in a pot of boiling water

Fòk ou gen zouti ki esterilize
Fòk tout bagay ki pral antre anndan matris yon fi esterilize. Si w pa ka esterilize zouti yo anvan w fè yon kitaj, sa vle di kitaj la ap yon danje, e ou pa dwe fè l!

Fòk yo fòme w pou sa e fòk ou gen eksperyans ladan l
Aprann fè kitaj nan kèlkeswa liv, menm liv sa a, pap sifi pou w fè l san danje. Fòk gen yon moun ki eksperimante ki fòme w ladann. Aprann tout sa w kapab nan liv, nan kou, ak nan men pwofesè. Ede yon moun ki pi eksperimante pandan l ap fè yon kitaj pou w ka gade e aprann ki jan pou fè l.

Fòk ou sèten kitaj se swen ki apwopriye a pou fi sa a
Pale ak fi a sou poukisa li bezwen fè kitaj. Kontwole siy fizik li yo, tankou batman kè l ak tanperati l, pou w ka konnen si l bezwen lòt swen medikal tou. Chèche konnen depi konbyen tan li ansent. Ou ka fè kitaj san danje sèlman pandan 12 premye semèn gwosès. Sa vle di, apre 12 semèn gwosès kitaj la pap reyisi ankò. Sèl kondisyon pou eseye fè kitaj apre 12 semèn se si fi a vrèman an danje apre yon foskouch oswa yon avòtman ki pa t konplè, epi ou pa gen okenn lòt fason w ka ede l. Gade jwenn metòd k ap pèmèt ou konnen depi konbyen tan yon fi ansent.

Pou asire fi a gen mwens pase 3 mwa gwosès, ou dwe fè yon egzamen 2 men anvan w fè yon kitaj.

Avòtman ki pa t konplè

Lè yon fi fè yon foskouch oswa yon avòtman ki pa konplè, li vrèman an danje. Fòk matris li netwaye san pèdi tan. Veye siy sa yo ki ka endike li gen enfeksyon oswa li blese:

  • Gwo doulè anba vant
  • L ap bay anpil san nan vajen
  • Batman kè l rapid (plis pase 100 fwa pa minit)
  • Tanperati kò l wo (plis pase 38° C oubyen 100.4° F)
  • Tansyon l ba oswa li kontinye ap desann


Pou ede yon fi ki gen siy sa yo, gade Ki jan pou bay swen nan ka dijans apre foskouch oswa avòtman, oswa mennen l nan yon sant medikal.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024