Hesperian Health Guides

Apre kitaj la

Nan chapit sa:

Pandan yon jounen ak yon nuit apre kitaj la, pase wè fi a souvan pou wè ki jan li ye. Kontwole tanperati l ak batman kè l pou wè si l gen siy enfeksyon epi verifye konbyen san l ap bay.

Di fi a ki sa pou l atann apre kitaj la. Li dwe konnen pou l chèche èd si l gen nenpòt move siy ki parèt.

  • Li senyen menm kantite san li konn genyen lè l gen règ li, epi san an dire sèlman kèk jou oubyen yon semèn.
  • Yon ti lakranp pandan 2 a 3 jou.


  • Fi a bay plis san pase lè l gen règ li, sitou si san an wouj vif oubyen li gen gwo san kaye ladan l.
  • San an kontinye koule pandan plis pase 2 semèn apre kitaj la.
  • Ekoulman k ap soti nan vajen an ki gen move sant.
  • Matris la rete gwo oubyen li vin pi gwo apre kitaj la.
MW Ch23 Page 431-1.png
  • Gwo doulè, doulè k ap ogmante, oswa lakranp oubyen doulè nan vant oswa nan basen pandan plis pase 3 a 4 jou.
  • Fyèv, frison, oubyen li santi l pa byen.
  • Li santi l fèb, tèt li ap vire, oswa l ap dekonpoze.


Si fi a pèdi plis san pase lè l konn gen règ li, fwote matris li chak detwa èdtan pou matris la ka vin di epi pou san kaye yo ka soti. Sa ka soulaje l tou si w mete yon sachè glas sou vant li pandan 15 a 20 minit.

Si san kontinye ap vide sou fi a oswa si l gen lòt siy danjere, mennen l lopital.

Rete an sante apre yon kitaj

Esplike fi a ki sa pou l atann pandan kò l ap geri. Li nòmal pou kò l pran yon 2 semèn pou l tounen menm jan l te ye anvan l te ansent lan. Esplike l ki move siy pou l siveye. Epi, asire fi a gen posiblite pou l pale sou kòman l santi l. Gen fi ki pè, yo tris, oswa yo gen lòt santiman apre kitaj la.

Ht MW Ch23 Page 431-2.png

Pandan detwa semèn k ap vini yo, fi a dwe pran swen kò l pou l ka geri vit, epi pou l ka geri nèt. Li pa dwe mete anyen nan vajen l, epi li pa dwe gen rapò seksyèl jiskaske san an rete.

Ankouraje fi a pou l bwè anpil likid epi pou l manje bagay ki bon pou sante l. Li dwe repoze pandan kèk jou, si sa posib.

MW Ch23 Page 431-3.png

Planin

Apre yon kitaj, mande fi a si l vle konnen plis enfòmasyon sou zafè planin. Li fasil pou yon fi tonbe ansent apre yon kitaj, menm jan ak nenpòt lè. Epitou, fi a gendwa te fè kitaj la paske li te vle jete yon pitit. Gade Chapit 17 pou ede fi a jwenn yon metòd planin k ap bon pou li.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024