Hesperian Health Guides

Fè preparasyon pou kitaj la

Nan chapit sa:

Mete fi a alèz

Esplike fi a sa w pral fè. Reponn nenpòt kesyon li genyen.

Ou dwe chèche yon chanm prive pou fè kitaj la kote lòt moun pap gade, epi asire w ou kenbe tout enfòmasyon konsènan swen sante fi a konfidansyèl.

Anpeche doulè pandan kitaj la

Kitaj konn fè mal anpil. Men, gen bagay w ka fè pou kalme doulè a:

a woman sitting near a woman on on exam table, touching her arm.
Sipò yon bon zanmi ka ede anpil pou diminye doulè yon fi.
  • Toujou esplike fi a tout sa w ap fè epi ankouraje l poze kesyon.
  • Ale byen dousman epi pa prese.
  • Montre fi a kòman pou l respire byen fon, byen dousman. Lè l respire konsa, sa ede l rilaks. Ou ka respire byen fon, byen dousman tou! Sa ap ede w fè travay la ak dousè e ak prekosyon.


Menm lè w fè l avèk dousè, fi a ka toujou gen doulè. Medikaman ki pou kalme doulè a ka koute chè epi yo gen efè segondè ki nui sante l. Men, si w ka jwenn medikaman konsa, ou ka ofri fi a li. Medam yo pa dwe soufri san bezwen.

Epi sonje sa: medikaman pou doulè pa ka ranplase swen ou dwe bay avèk dousè e avèk respè.

Gen 2 kalite medikaman ki ka kalme doulè kitaj la. Ou ka bay konprime nan bouch oswa ou ka bay piki bò kòl matris la pou angoudi kòl matris la.

Pou evite doulè
MW Ch23 Page 420-1.png
MW Ch23 Page 420-2.png
  • Bay 500 a 1000 miligram (mg) parasetamòl

    Epi
nan bouch,
20 minit anvan w kòmanse kitaj la

Prepare zouti ak materiel wa ap bezwen pouf e kitaj la

Gen anpil kalite zouti ki sèvi pou fè kitaj. Nan chapit sa a, nou esplike ki jan pou itilize ekipman yo fè pou fè kitaj yon òganizasyon fè ki rele “Ipas”.

Angwo, ekipman pou fè kitaj gen 2 pati:
Premyè pati a gen ladan l yon sereng 50 cc ki gen yon ouvèti ki laj. Sereng nan rale sa ki anndan matris la soti deyò. Lòt pati a se yon je tib plastik ki rele kanil. Yon pwent kanil la ap kole nan sereng nan. Lòt pwent la ap antre anndan matris la.
illustration of the below: a syringe.
Piston
Kò/tib
Bouton pou ouvri e fèmen vàn nan
Manch piston an
Sereng
a gloved hand holding cannulas of different sizes.
Kanil
Ki jan sereng nan fonksyone

Lè w pouse bouton sereng nan antre, vàn nan ouvri epi sereng nan ka rale sa ki anndan matris la pa mwayen kanil plastik la.

syringe with cannula attached.
Sereng
Kanil


Fr MW Ch23 Page 421-1.png Yon sereng ki gen yon sèl vàn pou gwosès ki gen mwens pase 12 semèn
MW Ch23 Page 421-2.png Yon sereng ki gen 2 vàn pou gwosès ki gen jiska 12 semèn
MW Ch23 Page 421-3.png Yon sereng espesyal ki rele “MVA Plus” ki fèt pou gwosès ki rive jiska 12 semèn


Note sa: Gen kèk sereng yo te konn itilize ki ka fè kitaj sèlman pou gwosès ki gen 8 semèn oubyen mwens. Asire w ou suiv enstriksyon ki vini ak sereng ou genyen an.

Esterilize zouti ou yo

Esterilize tout zouti ki prale anndan vajen fi a oswa anndan matris li, epi depoze yo sou yon twal esterilize, sou yon asyèt esterilize, oswa sou yon papye esterilize. Fòk ou mete gan esterilize chak fwa w ap manyen yon zouti.

Ht MW Ch23 Page 421-4.png
Gan plastik
Twal gaz oswa yon tanpon long
Pens won
Sereng kitaj
Pensèt
Espekilòm
Kanil
a flashlight.
MW Ch23 Page 421-6.png

Lòt bagay w ap bezwen se yon ti bòl ki gen antiseptik tankou betadin oswa “hibiclens” pou lave deyò kòl matris la. Epi, asire w ou gen yon limyè ki byen klere.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024