Hesperian Health Guides

Pwoblèm ki ka rive pandan kitaj la

Nan chapit sa:

Gen kèk pwoblèm ki ka rive pandan kitaj la ki ka lakoz kitaj la pa fin fèt nèt. Ou dwe rezoud yo pou w ka fin fè kitaj la pou pwoteje fi a pou l pa bay twòp san epi pou l pa malad apre kitaj la.

Kanil la soti anndan matris la

Si pwent kanil la soti nan matris la apre vàn nan fin ouvri, menmsi l sòti toupiti, presyon an ap pèdi. Sereng nan pap ka retire okenn lòt dechè ankò.

MW Ch23 Page 428-2-a.png
Ki jan pou rezoud pwoblèm nan:
  1. Retire sereng nan nan kanil la.
  2. Vide dechè ki anndan sereng nan nan yon bokal.
  3. Mete yon lòt kanil esterilize ki nèf anndan matris la

  4. MW Ch23 Page 428-3-a.png
  5. Kreye yon lòt presyon nan sereng nan lè w pouse bouton yo pou fèmen vàn nan, epi w rale manch yo al dèyè jiskaske yo rete nan pwent kò sereng nan.
  6. Kole kanil la ak sereng nan byen dousman.
  7. Ouvri vàn nan lè w peze bouton yo vin sou ou pou w ka kontinye retire dechè ki nan matris la.

Sereng nan plen

Lè sereng nan prèske fin plen, li pap gen ase presyon pou l konttinye rale dechè yo soti nan matris la.

MW Ch23 Page 429-1-a.png
Ki jan pou rezoud pwoblèm nan:
  1. Retire sereng nan sou kanil la, men kite kanil la anndan matris la.
  2. Vide dechè ki nan sereng nan nan yon bokal.
  3. Kreye yon lòt presyon nan sereng nan lè w pouse bouton yo pou fèmen vàn nan, epi w rale manch yo al dèyè jiskaske yo rete nan pwent kò sereng nan.
  4. Kole kanil la ak sereng nan byen dousman.
  5. Ouvri vàn nan lè w peze bouton yo vin sou ou pou w ka kontinye retire dechè ki nan matris la.


Kanil la bouche

Ki jan pou rezoud pwoblèm nan:
  1. Retire sereng nan ak kanil la nan matris la, epi retire sereng nan sou kanil la.
  2. Vide dechè ki nan sereng nan nan yon bokal.
    MW Ch23 Page 429-2-a.png
  3. Mete yon kanil esterilize ki nèf nan matris la. Ou ka bezwen yon kanil ki pi laj.
  4. MW Ch23 Page 429-3-a.png


  5. Kreye yon lòt presyon nan sereng nan lè w pouse bouton yo pou fèmen vàn nan, epi w rale manch yo al dèyè jiskaske yo rete nan pwent kò sereng la.
  6. Kole kanil la ak sereng nan byen dousman.
  7. Ouvri vàn nan lè w peze bouton yo vin sou ou pou w ka kontinye retire dechè ki nan matris la.


Pafwa gen yon ti moso chè ki kole nan kòl matris la ki kontinye bouche kanil la. Ou ka oblije retire l ak yon pens ki esterilize.

Matris la twò gwo pou fè kitaj

Pafwa ou ka panse matris yon fi pa twò gwo pou fè yon kitaj, men apre w kòmanse fè kitaj la, ou vin wè matris la twò gwo. Li ka pa t konnen si l te gen tout tan sa a depi l ansent. Oubyen, matris li gendwa te parèt pi piti pase jan li ye vrèman.

MW Ch23 Page 430-1.png
Ki jan pou rezoud pwoblèm nan:

Si w kòmanse fè yon kitaj, men w pap ka fin retire tout dechè a nèt, premyèman eseye itilize yon kanil ki pi gwo. Sepandan, si w toujou pa kapab fin netwaye matris li, ou dwe chèche yon lòt moun tousuit ki ka netwaye matris la. Menmsi w oblije ale nan yon lopital ki byen lwen, fòk ou ale pou l ka jwenn èd. Lavi fi a vrèman an danje.

Men lòt bagay w ka fè:

Pwoblèm kitaj ka lakòz

Kitaj ka lakòz pwoblèm si l pa byen fèt. Pafwa, menm fanmsaj ki eksperimante ka jwenn pwoblèm apre kitaj la. Men pwoblèm ki konn rive pi souvan yo:



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024