Hesperian Health Guides
Si w bezwen ale lopital
Si w gen pou w fè yon operasyon oubyen si w malad grav, eseye gade si w ka jwenn tretman san w pa bezwen entène. Antouka, men kèk konsèy ki ka itil ou anpil si w oblije entène lopital pou w ka jwenn laswenyay:

- Mache ak yon moun ki ka fè yo pran ka w, epi ki ka ede w pran desizyon.
- Plizyè moun gen dwa egzamine w. Yo chak dwe ekri tout sa yo fè avè w sou yon kat kap rete bò kote w. Konsa, pwofesyonèl k ap vin apre a ap konnen kisa k fèt deja.
- Anvan yon malad kite yo fè yon tès pou li oubyen bali laswenyay, fòk li mande pwofesyonèl kisa li pral fè epi poukisa. Konsa, l ap ka deside dakò oubyen pa dakò. Sa ka anpeche erè fèt.
- Eseye fè zanmi ak moun k ap travay nan lopital la. Yo ka ede w jwenn pi bon swen.
- Pou pa santi doulè, si w ap fè operasyon, mande si pa gen posiblite pou yo ba w yon piki sèlman nan zòn w ap opere a (anestezi lokal). Sa gen mwens danje e, apre operasyon an, w ap anfòm pi vit. Se pa p menm bagay si se yon medikaman yo ba w pou yo andòmi w (anestezi jeneral).
- Toujou mande ki medikaman yo ba w e pou kisa.
- Fè yo ba w yon kopi dosye w, lè w ap kite lopital la.
Apre yon operasyon
![]() |
Pou poumon w ka ret anfòm epi pou w pa trape nemoni, fè yon ti mouvman tanzantan. Lè w sou kabann, respire epi tanzantan, fè egzèsis leve chita. |
Anvan w kite lopital la, men kesyon ou gen pou w poze:
- Kisa pou m fè pou kouti a rete pwòp?
- Kisa pou m fè, si m santi doulè?
- Pandan konbyen tan pou m pran repo?
- Ki lè m ka rekòmanse antre nan relasyon seksyèl? (Si w santi ou pa alèz pou w mande sa, doktè a ka petèt pale ak mari w.)
- Èske fòk mwen tounen kay doktè? Si wi, ki lè?
Manje manje lejè, manje ou ka dijere san pwoblèm
Repoze w kantite tan ou kapab. Si w ap viv lakay ou, mande fanmi ou pou yo fè tout travay ou abitye fè chak jou nan kay la pou ou. Si w pase de twa jou ap pran swen tèt ou sèlman, sa ap fè w anfòm pi vit.
Veye siy enfeksyon: ti likid jòn (pi), movè lodè, lafyèv, chalè nan zòn kouti a, gwo doulè. Kouri al wè yon travayè sante si w gen youn nan siy sa yo.
Si se nan vant ou fè operasyon an, pa eseye peze sou zòn kouti a. Chak fwa w ap deplase, mete yon rad oubyen yon dra vlope oubyen yon zòrye sou kouti a. Fè menm bagay la, chak fwa w ap touse tou.