Hesperian Health Guides

Sistèm sante a

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Travayè sante kominote

illustration of the below: different levels of community medical care

Kèk kominote gen bon travayè sante ki gen bon jan fòmasyon ak konpetans. Anpil fwa, travayè sante sa yo travay nan klinik kominotè ak nan sant sante. Men genyen tou ki pa travay la. Gen travayè sante kominotè ki te resevwa fòmasyon lekòl, gen lòt ki pa t gen chans sa a. Men lè yo travay nan tèt kole ak moun k ap viv nan kominote yo, yo ka bay gwo kout men nan prevansyon kont maladi moun trape pi anpil fwa yo. Yo ka ede moun yo trete pwoblèm sante yo genyen, anvan pwoblèm sa yo vin pi grav. Yon travayè sante ka resevwa fòmasyon pou l bay menm sèvis ak yon pòs sante.

Pòs sante yo

illustration of the below: different levels of community medical care

Nan anpil kominote, gen pòs sante. Gen kote yo rele yo klinik oubyen sèvis sante matèno-enfantil. Yon pòs sante dwe bay:

  • Enfòmasyon sou lasante, pou tout moun ka pran pi bon desizyon pou sa k gen rapò ak sante yo.
  • Vaksinasyon / iminizasyon ki ka anpeche anpil maladi antre sou moun, tankou: tetanòs, lawoujòl, difteri, koklich, polyo, tibèkiloz, saranpyon ak epatit.
  • Swen pou fanm ansent (swen prenatal) ki ka ede yon fanm dekouvri epi trete pwoblèm li oubyen pwoblèm timoun nan genyen, anvan pwoblèm sa yo vin pi grav.
  • Sèvis ak materyèl pou planin familyal. Planin familyal ka sove anpil vi: sa pèmèt medam yo met kontwòl sou kantite pitit y ap fè; sa ede yo tou kite yon valè tan pase apre chak akouchman.
  • Egzamen medikal ki pèmèt moun dekouvri epi trete pwoblèm tankou anemi (lè san an pòv), tansyon, e kèk fwa, pwoblèm maladi seksyèlman transmisib yo (MST).

Sant sante yo

illustration of the below: different levels of community medical care

Sant sante yo bay yon nivo swen mwayen. Nou jwenn yo nan pi gwo bouk yo. Konsa, moun k ap viv nan kominote ki pi pre yo ka ale nan sant sante sa yo. Alòske, yo bay tout sèvis yon pòs sante founi, e yo ka gen, anplis, kèk kabann kote moun ka kouche pou yo resevwa swen.

Sant sante yo pi vit gen enfimyè ak doktè kalifye pase pòs sante yo. Yo pi vit resevwa anpil moun, doktè yo ak mis yo gen dwa pa tèlman abitye ak moun yo bay swen yo.

Gen kèk sant sante ki gen laboratwa ak materyèl espesyal. Sa vle di yo ka fè analiz pou yo ka bay enfòmasyon sou kòz yon pwoblèm sante. Men anpil fwa yon moun ka blije ale lopital pou l fè analiz.

Lopital yo

illustration of the below: different levels of community medical care

Nou jwenn lopital nan ti vil oubyen nan gwo vil yo. Ladan yo, nou jwenn anpil doktè, anpil mis, ak ekipman espesyal pou tretman maladi grav. Yon moun ki malad grav ka bezwen al lopital pou l trete maladi a.

Yon fanm ka bezwen al lopital pou:

  • pwoblèm ki pa ka trete lòt kote.
  • konplikasyon nan akouchman oubyen avòtman.
  • ka ijans, tankou yon gwosès k ap devlope andeyò matris la (nan youn nan twonp yo).
  • pwoblèm sante ki egzije operasyon.





Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025