Hesperian Health Guides

Ann travay pou chanjman

Nan chapit sa a, n ap jwenn:
Plizyè milyon moun sou latè soufri epi mouri anba maladi yo te ka evite oubyen trete, si yo te jwenn bon jan laswenyay. Menm kote sèvis sante egziste, gen yon bann baryè ki anpeche fanm, sitou malerèz yo, jwenn laswenyay.

Men nan goumen kòtakòt, travayè sante yo ak òganizasyon fanm yo ka rive chanje sistèm sante a. Olye pou sa rete yon baryè, yo ka fè l tounen yon zouti k ap ede fanm ki vle regle pwoblèm sante yo. Men sistèm sante a pa p janm chanje poukont li. L ap chanje lè pèp la deside goumen pou sa, lè sitwayen yo kreye yon seri mwayen tounèf pou fòse dirijan yo mete lasante pou tout moun.

Yon bon kote deba pou chanjman sistèm sante a ka kòmanse, se lè n gen chans pou n pale sou pwoblèm sante k ap malmennen manm kominote a. Nan rankont sa yo, nou ka pwofite pale ak lòt medam yo ansanm ak mesye yo sou pwoblèm ki genyen pou moun jwenn laswenyaj nan sistèm nan.


a group of women with small children, sitting on a bench and talking
Se pa ti mache m mache pou m rive la a. Si te gen travayè sante bò lakay mwen, nou t ap ka fè ekonomi lajan 2 semenn travay. Se kantite lajan sa m depanse chak fwa mwen vin la a.
M espere estòk medikaman planin yo pa ko fini. Ane pase, m te ranmase yon gwosès, paske klinik lan pa t gen ankò. M pa gen lajan pou m achte anpil, lè yo genyen.
Doktè lavil sa yo pa manke pa meprize n. M t ap pi kontan si se moun nan bouk la ki te alatèt klinik lan.
M ta swete yo ka fè Pap tèst isi a. M pa gen mwayen pou m al lavil e, dapre sa m konprann, Pap test yo enpòtan anpil.
Fòk gen plizyè sal separe isi a, pou tout moun pa bezwen ap koute, lè doktè a ap konsilte n.
M pa renmen lè se doktè gason k ap konsilte m. M ta swete gen fanm isit la, ki fè konsiltasyon.
M ta renmen klinik la travay aswè, apre travay mwen.
M ta renmen yo ba m yon pi bon eksplikasyon sou pwoblèm mwen an. Sa fè katriyèm fwa, ane sa a, m santi doulè pandan m ap fè pipi. Poukisa sa kontinye ap rive m?
Yo toujou ap fè moun chita tann. Si yo te voye yon moun vin mande ki pwoblèm nou chak genyen san pèdi tan, malad ki pi grav yo t ap ka jwenn swen anvan.



Medam yo ka travay ansanm tou pou

  • ede tout manm kominote a gen pi bon enfòmasyon ak konesans sou kesyon pwoblèm sante fanm. Paregzanp, nou ka òganize yon kanpay pou n eksplike enpòtans swen prenatal pou fanm. Si medam yo ak tout fanmi yo konn kisa yon fanm bezwen pou sante l, y ap pi vit ka itilize sèvis sante ki deja egziste yo. Y ap pi vit ka egzije tou pou otorite yo mete lòt sèvis sou pye, tankou depistaj kansè kòl iteris ak kansè tete wè kijan sèvis sante ki egziste yo ka vin pi bon. Paregzanp, si gen yon fanm saj nan kominote a, kijan l ka jwenn plis fòmasyon?
three women putting up a sign that invites women to get prenatal care
  • chèche lòt mwayen pou yo jwenn swen sante. Li enpòtan pou nou reflechi sou sèvis sante nou vle genyen. Se pa sèlman sou sa n genyen deja yo pou n reflechi. Paregzanp, si pa gen travayè sante nan kominote a, kijan n ka fè yo prepare youn e ki sipò nou ka ba li? Si gen yon klinik deja, èske l pa ta ka fè lòt travay tou, tankou seminè sou lasante ak tablo sikolojik?
  • youn pataje ak lòt konesans chak fanm genyen nan kesyon swen sante. Medam yo deja ap fè pi fò “travay lasante” nan kominote a. Paregzanp, se medam yo, alòske, ki pran swen malad yo, ki bay timoun yo prensip pou yo ka konsève sante yo, ki prepare manje, ki fè pwòptay lakay yo tankou nan kominote a, e se yo ki ede lòt fanm akouche. Travay sa yo ba medam yo anpil ladrès. Yo ka sèvi ak ladrès sa a pou yo chak bay lòt swen e pou yo ka pran swen tout manm kominote a.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025