Hesperian Health Guides

Teknik avòtman san danje

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Men metòd yon travayè sante konpetan ka swiv pou li avòte yon fanm ansent:

Avòtman ak medikaman (avòtman medikal)

Doktè ak travayè lasante gen remèd yo konn itilize pou yo fè yon fanm avòte. Men sa medikaman sa yo fè: yo fè matris la sere fò (kontrakte) epi pouse tibebe a deyò. Genyen ladan yo yo mete nan vajen an (yo pa mete yo nan matris la), gen lòt fanm nan vale, gen lòt tou se piki yo ye. Si yo byen chwazi remèd ki pou fè fanm nan avòte a, metòd sa a ka pi bon pase foure yon zouti andedan matris la. Lè yo mete yon zouti andedan l, matris la gen dwa blese gravman grav. Enfeksyon kapab mete pye tou.

Aspirasyon

Operasyon sa a fèt ak yon tib espesyal ki rele kanil. Tib sa a pase nan vajen ak nan kòl matris fanm nan pou l rive nan matris la menm. Se ak sa a, travayè sante a “souse’’ anbriyon an. Operasyon an ka fèt san yo pa andòmi fanm nan, menm lè pou fanm nan pa soufri, travayè sante a konn fè kèk anestezi antre nan kòl matris la. Lè aspirasyon an fèt alamen, yo sèvi ak yon sereng espesyal. Si se pa alamen, yo itilize yon ti aparèy elektrik.

Teknik aspirasyon an se yon teknik ki senp epi san danje. Li dire anviwon 5 a 10 minit. An jeneral, yo fè operasyon konsa nan klinik kominotè, dispansè oubyen klinik prive. Metòd avòtman sa a pi fasil, lè fanm nan nan 3èm mwa gwosès li, men yo konn fè l yon kras pi ta tou. Aspirasyon bay mwens konplikasyon pase dilatasyon ak kitaj (n ap jwenn eksplikasyon sou 2 teknik sa yo pi ba a).

Gen kèk kote, yo konn sèvi ak teknik aspirasyon an pou fè règ yon fanm vini, lè règ la an reta. Lè konsa, fanm nan ka pa menm konnen si l ansent ou si l pa ansent. Li konnen sèlman wè règ li an reta. Yo rele sa “regilasyon manstriyèl”.

WWHND Ch15 Page 244-1.png
kanil
aspiratè

Dilatasyon ak Kitaj

Operasyon sa a fèt ak yon “kirèt”, yon ti zouti ki sanble ak kiyè. Se ak kirèt la travayè sante a grate matris fanm nan. Kon sa, kirèt la ki fèt espesyalman pou sa gen pou l antre nan matris la. Yon kirèt pi gwo pase yon kanil epi, kòm li file, fòk kòl matris la byen louvri (dilate). Se sa k ka fè fanm nan santi ti doulè.

Dilatasyon ak kitaj dire plis tan (anviwon 15 a 20 minit), yo pi fè mal, epi yo koute plis kòb pase teknik aspirasyon an. An jeneral, yo fè sa nan yon sal operasyon. Souvan, yo konn andòmi fanm nan.


Si n ap sèvi ak medikaman pou avòtman

  • Pa janm sèvi ak yon medikaman, si n pa gen 100 % konfyans ladan l.
  • Nou ka sèvi ak medikaman pou avòtman, sèlman si gen yon klinik oubyen yon lopital toupre. Konsa, depi san kòmanse koule sou nou, n ap ka kouri nan klinik nan oubyen nan lopital la. Epi, fòk klinik oubyen lopital la gen travayè sante konpetan ki ka netwaye matris nou, sizoka medikaman pou avòtman an pa bay rezilta.
  • Kouri nan klinik la oubyen lopital la, depi san kòmanse koule, pou yo ka wè si matris nou debarase nèt. Si sa pa fèt, yo dwe fè aspirasyon oubyen kitaj pou nou, pou wete tousa k nan matris la. Si se pa sa, nou ka gen gwo konplikasyon ki ka gen move konsekans. (Si n rete ansent jiskaske n akouche, timoun nan ka fèt donmaje.)
ATANSYON! Suiv eksplikasyon sou mizo-pwostòl yo ak anpil atansyon. Si se pa sa, matris nou gen dwa fann epi ... lanmò!

Kèk medikaman yo itilize pou avòtman

  1. Mifepristòn (RU-486, Grenn Franse). Nan kèk peyi, yo sèvi ak medikaman sa a pou fè fanm ki gen jiska 9 semèn gwosès avòte. Se sèlman nan kèk pwogram espesyal, nan klinik ak nan lopital kote yo kapab siveye fanm nan epi trete l si gen konpilasyon, yo bay medikaman sa a. 2 jou apre, y ap ba fanm nan yon lòt medikaman tankou, paregzanp, mizopwostòl. An jeneral, ak 2èm medikaman sa a, avòtman an ap fin fèt nèt.
  2. Mizopwostòl se yon medikaman yo trete ilsè nan lestomak avè l. Epi, yo pran l ansanm ak mifepristòn oubyen lòt medikaman pou fè avòtman. Yo ka sèvi ak mizopwostòl la tou sèlman pou kòmanse yon avòtman, men an jeneral, avòtman an pa p fini nèt. Konsa, fòk fanm nan jwenn laswenyay nan men doktè (oubyen lòt travayè sante), depi san kòmanse koule. Yo ka pran mizopwostòl la pandan 3 premye mwa (12 semèn) gwosès la. Li bay pi bon rezilta lè fanm nan prèske rive nan 12èm semèn gwosès li. Konprime yo fèt pou antre nan vajen fanm nan. Moun ka bwè yo.
  3. Metotreksat se yon medikaman kont kansè. Men, yo konn pran l ansanm ak mizopwostòl pou fè avòtman. Li gen yon seri efè segondè ki chaje danje pou medam yo. Si l pa bay rezilta, timoun nan ka donmaje anpil. Jis jounen jodi a, espesyalis yo poko fin konn ki meyè fason pou moun sèvi ak metotreksat san danje, sitou nan rejyon kote pa gen aparèy modèn nan lopital yo.

Avòtman ki pa fin fèt nèt

Yon avòtman pa fin fèt nèt, lè matris fanm nan pa fin debarase nèt. Men siy yo:

  • plis pase yon jou apre avòtman an, fanm nan kontinye senyen anpil.
  • dapre lakranp anba ti vant,
  • ti moso vyann ak glòb oubyen boul san ap soti nan vajen fanm nan.


Lè sa rive, fòk nou kouri lopital touswit, pou yo ka debarase matris la nèt. Si se pa sa, nou gen dwa gen anpil konplikasyon malouk, epi nou ka menm mouri.





Nou te mete paj sa a ajou: 19 jen 2025