Hesperian Health Guides

Metòd pou moun ki vle pa janm fè pitit ankò

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Operasyon

Operasyon fè li prèske enposib pou fè pitit. Konsa, metòd sa yo se sèlman pou moun ki konnen san dout yo pa vle fè pitit ankò.

Operasyon sa yo fèt nan yon sant sante oubyen nan yon lopital. Operasyon an fèt vit, li pa fasil gen danje, epi li pa bay efè segondè.

Operasyon pou gason (vazektomi)

illustration of the below: a man's reproductive parts with the tubes cut

Men ki kote, nan kò yon gason, yo koupe kannal yo:
la a
ak la a

Se yon operasyon byen senp kote yo koupe ti kannal ki pèmèt jèm gason an soti nan boul grenn yo pou rive nan tèt kòk la. Yo pa koupe boul grenn nèg la. Operasyon sa a ka fèt nan yon sant sante kote ki gen yon ajan sante ki te resevwa bon jan fòmasyon. Operasyon an fèt nan kèk minit.

ty:More Information
kò yon gason

Operasyon sa a pa chanje anyen nan pisans gason li, ni sa pa wete anyen sou plezi li. L ap toujou santi li gason; l ap toujou voye. Men likid l ap voye a pa gen jèm ladan l pou ansent yon fi. Pandan 3 mwa konsa, ka gen jèm gason nan kanal la toujou. Sa vle di, fanm nan ak gason an dwe sèvi ak yon lòt metòd planin pandan mwa sa yo.

Operasyon pou fanm (ligati)

illustration of the below: a woman's reproductive parts with the tubes cut
Men ki kote, nan kò yon fanm, yo koupe kannal ze yo:
la a
ak la a

Operasyon pou fanm yon ti jan pi difisil pase pou gason, men, li menm tou, pa fasil gen danje. Operasyon an fèt nan 30 minit konsa.

Yon ajan sante ki gen bon jan fòmason annik fè ti koupe toupre lonbrit fanm nan, epi li mare oubyen koupe 2 kannal kote pou ti ze fi a pase a pou yo rive nan matris la. Operasyon an pa chanje anyen nan fanm nan. L ap toujou gen règ li, epi li ka toujou pran plezi nan fè lanmou.

ATANSYON! Operasyon yo pap pwoteje moun kont maladi yo pran nan kontak seksyèl, VIH/SIDA konte ladan l. N ap toujou bezwen chache mwayen pou nou pwoteje tèt nou kont enfeksyon sa yo.