Hesperian Health Guides

Chapit 3: Sistèm sante a

SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 3: Sistèm sante a

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

a health worker in an office speaking with a woman with a baby

Kèk fwa, ou pa ka regle yon pwoblèm sante poukont ou. Ou ka bezwen al chèche èd nan sistèm sante a.

Pifò moun sou latè sèvi ni ak medikaman modèn ni ak remèd tradisyonèl pou yo trete pwoblèm sante yo poukont yo. Nan anpil ka, yo pa bezwen plis pase sa. Men pou kèk pwoblèm sante espesyal, yon fanm ka bezwen konsèy yon pwofesyonèl lasante.

Nan pi fò rejyon sou latè, gen 4 diferan nivo swen sante: travayè sante kominotè oubyen doktè fèy, pòs sante (klinik), sant sante ak lopital. Tout ansanm fòme sistèm sante a. Nan yon sistèm sante, nou jwenn: travayè lasante, enfimyè, doktè ak lòt kalte travayè. Yo gen dwa travay nan klinik prive (lè sa a, yo fè malad yo peye pou sèvis yo), oubyen yo gen dwa travay swa ak yon kominote, swa nan leta, swa ak yon legliz oubyen yon lòt òganizasyon. Kèk fwa yo konn gen bon jan fòmasyon ak zouti. Kèk lòt fwa, yo gen dwa pa gen ni youn, ni lòt.

Chapit sa a bay detay sou sistèm sante a, e li montre kijan yon fanm ka itilize l pou l jwenn solisyon pou pwoblèm sante li genyen. Se pa tout kominote ki gen tout 4 nivo swen sante nou site yo. Epi, ka gen anpil diferan maryaj sèvis sante ak sèvis sante ki fè yon sistèm sante. Antouka, kèlkeswa kalite maryaj sèvis nenpòt mòd maryaj sèvis sante ki genyen an, medam yo - ansanm ak tout moun ki malad - ap jwenn pi bon swen si gen bon rapò ak echanj ant diferan nivo sa yo.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025