Hesperian Health Guides

Prevansyon kont avòtman nan move kondisyon

Nan chapit sa a, n ap jwenn:


a woman showing other women pictures of family planning methods
Seminè sou planin familyal ka fè medam yo pa janm bezwen fè avòtman

Men kèk bagay nenpòt fanm oubyen gwoup fanm ka fè nan yon kominote pou bare wout maladi ak lanmò avòtman ka lakòz:

• Fè mesye yo, medam yo ansanm ak tout kominote a konprann ki jan planin familyal ka elimine bezwen fè avòtman. Chèche pran fòmasyon pou n ka ede fanm nan kominote a fè planin.

  • Fè fanm ak demwazèl nan kominote a konnen ki danje ki genyen nan avòtman nan move kondisyon.
  • Vizite moun nan kominote a ki konn fè avòtman, pou n konnen si pa gen danje nan avòtman sa yo.
  • Chache enfòmasyon sou konplikasyon nan avòtman epi chache konnen kisa pou n fè pou pwoblèm sa yo. Chache konnen tou ki kote pou n kouri ak yon fanm nan kominote a pou tretman ijan, si manmzèl gen pwoblèm konplikasyon apre avòtman.
  • Chache konnen ki moun ki ta ka transpòte yon fanm lopital pou tretman ijan, si manmzèl gen pwoblèm. Si pa gen anbilans, èske gen moun nan kominote a ki gen machin oubyen kamyon? Sere kèk galon gazolin oubyen gazòy an diplis pou ka ijan yo.

Fòk nou ankouraje medam yo chache tretman, lè yo trape maladi apre yon avòtman. Fòk yo pa eseye kache pwoblèm nan.

  • Konsève yon ti kantite nan chak medikaman yo nan yon famasi oubyen yon klinik ki nan bouk la, pou n ka trete pwoblèm ijan apre avòtman. Men kèk lòt konsèy pou travayè sante yo: Prevansyon kont avòtman nan move kondisyon.
  • Chèche pran fòmasyon pou n ka suiv teknik aspirasyon an (MVA), pou n ka trete fanm k ap soufri ak pwoblèm konplikasyon apre avòtman. Petèt, gen yon espesyalis nan lopital kominote a ki ka ba travayè sante yo fòmasyon. Pa fè avòtman, si n pa t pran fòmasyon pou sa, oubyen tou si n pa gen enstriman pou n fè yon avòtman nan bon kondisyon, san danje.
  • Kreye yon òganizasyon travayè sante nan kominote a, pou n ka pale ak otorite yo sou danje ki genyen nan avòtman nan move kondisyon. Menm nan peyi kote avòtman pa legal, fanm ta dwe jwenn tretman pou konplikasyon apre avòtman, pou yo pa al pèdi lavi yo mal.



Nou te mete paj sa a ajou: 19 jen 2025