Hesperian Health Guides
Kijan yon avòtman san danje dwe pase
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 15: Avòtman ak konplikasyon li ka bay > Kijan yon avòtman san danje dwe pase
Avòtman nan bon kondisyon, sitou avòtman ak teknik aspirasyon, ka fèt ni nan sant sante, ni lopital. An jeneral, dilatasyon ak kitaj fèt lopital. Avòtman ak medikaman dwe fèt nan sant sante ak nan lopital ki gen zouti pou fè aspirasyon, dilatasyon ak kitaj. Nou dwe jwenn tou, nan sant sante ak nan lopital sa yo, travayè sante konpetan ki ka fè mòd operasyon sa yo. Gade n jwenn plis enfòmasyon sou metòd avòtman sa yo.

Se pou n bwè anpil likid lavèy aavòtman an. Sa ap ede n refè pi vit.

Lè n al fè avòtman nan yon sant sante oubyen nan yon lopital, yo sipoze byen resevwa n epi trete n ak respè. Nou dwe jwenn yon psikològ ki pou fè yon ti pale avè n sou desizyon nou pran an, epi eksplike n ki jan avòtman an ap pase. Li dwe di n tou ki risk ki genyen.
N ap jwenn pi ba enfòmasyon sou jan yon avòtman san danje konn pase. Yon avòtman ki pa sanble ditou ak eksplikasyon sa yo ka chaje ak danje.
- Yo dwe mande n ki dènye fwa nou te gen règ nou. Yo dwe mande n tou si gen posiblite pou n ta gen yon MST.
- Yon travayè sante dwe konsilte n. Nan konsiltasyon sa a, l ap gen pou l touche vajen nou ak anba ti vant nou pou l ka wè gwosè matris nou.
- Kit se avòtman ak teknik aspirasyon, kit se dilatasyon ak kitaj, n ap santi bon ti doulè anba ti vant pandan operasyon an. Men depi avòtman an fin fèt, n ap kòmanse gen soulajman.
- Apre avòtman an, yo dwe netwaye vajen nou (ak tout bout anba n) byen netwaye. Apre sa, yo dwe mete n pran repo. Fòk gen yon travayè sante ki rete la pou voye je sou nou pandan 1 è d tan kon sa.
- Fòk yo di nou ki sa pou n fè apre avòtman an, ki siyal danje pou n veye, ki moun pou n kontakte, sizoka gen konplikasyon.
Yon lòt bò, fòk gen yon travayè sante ki vin pale avè n sou metòd planin familyal yo. Nou gen dwa kòmanse suiv yon metòd planin menm jou nou fè avòtman an. Yo dwe ban n randevou tou pou n tounen pou konsiltasyon nan 1 oubyen 2 semèn.