Hesperian Health Guides
Avòtman sou danje ak avòtman ki danjere
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 15: Avòtman ak konplikasyon li ka bay > Avòtman sou danje ak avòtman ki danjere
Kontni yo
Avòtman pa gen ankenn danje, lè:
- se yon travayè sante ki gen bon jan fòmasyon ak eksperyans ki fè l.
- li fèt ak zouti ki fèt pou sa.
- li fèt nan bon kondisyon lijyèn. Fòk tout sa k ap antre nan vajen ak nan matris fanm nan byen dezenfekte (san ankenn mikwòb).
- pa gen plis pase 3 mwa (12 semèn) depi fanm nan te gen règ li dènye fwa a.
Avòtman chaje danje, lè:
- se yon chalatan (machòkèt) ki fè l.
- li fèt ak move zouti oubyen move medikaman.
- li pa fèt nan bon kondisyon lijyèn.
- fanm nan ansent depi plis pase 3 mwa (12 semèn) (sòf si l fèt nan yon sant sante oubyen lopital ak aparèy espesyal).
AVÒTMAN NAN MOVE KONDISYON TOUYE FANM
Chak ane, gen 55 milyon avòtman ki fèt sou latè. Nan pi fò ka, medam yo rive chape, menm lè se avòtman lalwa pa rekonèt. Men, avòtman nan move kondisyon ka lakòz swa lanmò, swa konplikasyon tankou, paregzanp, enfeksyon, doulè pou lavi diran ak esterilite.
Depi toutan, lè medam yo dezespere, yo toujou chèche yon jan pou mete pwen final nan yon gwosès. Men tanpri souple, pa pran chans ak teknik sa yo. Yo chaje danje.
- Pa foure ankenn zouti ki gen pwent, tankou baton, fil fè oubyen tiyo PVC nan vajen nou ak nan matris nou. Bagay sa yo ka dechire matris nou. Nou ka gen emoraji ak enfeksyon k ap mete lavi nou an danje.
- Pa foure ni zèb, ni lòt fèy (oubyen rasin) nan vajen nou oubyen nan matris nou. Vye bagay sa yo gen dwa chode n oubyen yo ka ban n gwo iritasyon, sa ki ka lakòz donmaj, enfeksyon ak emoraji.
- Pa foure ankenn pwodui tankou klowòks, fab, sann, savon oubyen gaz (kewozin) nan vajen nou oubyen nan matris nou. Pa bwè yo tou.
- Pa bwè okenn gwo dòz medikaman oubyen remèd fèy, pa foure yo nan vajen nou, pou n ka jete yon pitit. Si n sèvi, ak twòp klowokin (medikaman pou malarya) oubyen ak twòp ègometrin ak oksitosen (medikaman pou emoraji apre akouchman), nou ka mouri anvan n reyisi jete pitit la.
- Pa frape vant nou, pa lage kò n tèt anba nan yon eskalye. Ak teknik sa yo, nou ka blese tèt nou, nou ka fè yon emoraji entèn, san n pa rive jete pitit la.
POSIBLITE POU YON FANM FÈ AVÒTMAN NAN BON KONDISYON
Lè yon fanm gen tèt chaje poutèt li pran yon gwòs san l pa t vle, li ta fèt pou l kapab avòte legalman (kidonk, fè yon avòtman lalwa rekonèt) san danje. Men chak peyi gen lwa pa l sou kesyon avòtman an.
Avòtman legal. Si lalwa rekonèt avòtman, fanm nan ka antre nòmalman nan yon sant sante oubyen nan yon lopital, li peye yon ti kòb epi l avòte nan bon kondisyon. Nan peyi kote sa fèt kon sa, prèske pa gen fanm ki malad oubyen ki mouri akòz konplikasyon avòtman.
Avòtman legal nan kèk ka. Nan kèk peyi, lalwa rekonèt avòtman nan kèk ka sèlman, tankou:
- si se yon kadejakè ki ansent fanm nan oubyen yon malandren nan fanmi l.
- si, daprè doktè, gwosès la ka mete sante fanm nan an danje.
Men, anpil fwa, epi menm nan ka sa yo, medam yo konn gen pwoblèm pou yo jwenn posiblite avòte. Doktè ak travayè sante gen dwa pa menm fin konnen ki sa lalwa di toutbon. Yo gen dwa pa fin vle fè avòtman an aklè, oubyen tou, yo gen dwa mande yon pakèt lajan. Medam yo menm, yo ka pa menm konnen si gen avòtman legal oubyen si gen posiblite pou moun fè avòtman nòmalman, nan peyi kote y ap viv la.
Fòk yon fanm toujou ka jwenn laswenyay nan men doktè (oubyen lòt travayè sante), lè l ap soufri ak konplikasyon apre avòtman, menmsi, nan peyi kote fanm nan ap viv la, lalwa pa rekonèt avòtman. Epi dayè, souvan, moun mal pou fè diferans ant fos kouch ak avòtman, sof si gen moso nan pitit nan ki te rete nan matris la.
Avòtman ilegal (sa vle di, lalwa pa rekonèt sa). Si avòtman pa legal, lapolis gen dwa arete ni medam yo, ni moun ki ede yo avòte. An reyalite, pi fò kote sou latè, sa pa janm rive la. Men nan peyi kote lalwa pa rekonèt avòtman, gen plis fanm ki mouri akòz avòtman nan move kondisyon ak gwosès malè pandye. Konsa tou, gen yon bann lajan ki depanse nan tretman konplikasyon avòtman ki fèt nan move kondisyon. Lajan sa a ta ka byen itil pou mete plis sèvis sante pou fanm yo.
Si nou ansent, pa met lan tèt nou avòtman se yon bagay ilegal. Al fouye nan lwa peyi n. Chèche avantaj nan lalwa ka pi fasil pase goumen pou chanje lalwa. Epi menm si avòtman ilegal, kapab byen gen moun ki pèmèt fanm jwenn posiblite pou yo fè avòtman san danje. Antouka, si n kapab avòte nan bon kondisyon sa ka fè n chape anba lanmò nan avòtman machòkèt