Hesperian Health Guides

Planin familyal apre yon avòtman

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

An jeneral, yon fanm ki fèk sot fè yon avòtman se yon fanm ki pa t vle ansent. Yon moun gen dwa pwofite moman sa a pou fè manmzèl jwenn enfòmasyon sou metòd planin yo ak fason moun ka jwenn yo.

Apre yon avòtman, nou gen dwa ansent touswit apre 2 semèn sèlman si n pa pran prekosyon. Anpil metòd planin pran yon ti tan anvan yo kòmanse bay rannman. Konsa, fòk nou pale ak yon moun ki konn kesyon an byen. Apre sa, se pou n kòmanse suiv youn nan metòd sa yo prese prese:

a packet of 28 pills in 4 rows
  • Grenn planin: Nou gen dwa kòmanse pran grenn planin menm jou avòtman an. Antouka, fòk nou pa tann plis pase yon semèn.
two types of IUD in the palm of a hand
  • Esterilè: Si pa gen ankenn danje enfekesyon ki menase n, yon travayè sante gen dwa mete yon esterilè pou nou touswit apre avòtman an.


  • Piki planin: Nou dwe pran premye piki a menm jou avòtman an, oubyen tou, nou ka tann yon semèn apre avòtman an.
a syringe next to a bottle labeled 'injectable contraceptive'
  • Enplan: Nou ka mete enplan yon ti tan anvan avòtman an oubyen touswit apre. Nou ka tann tou yon semèn apre avòtman an.
Plis enfòmasyon
planin
  • Esterilizasyon fanm: Si n poko gen 3 mwa gwosès, yo gen dwa tou fè operasyon esterilizasyon an pou nou pandan avòtman an oubyen touswit apre. Li enpòtan pou n pran desizyon sa a nan tèt poze. Esterilizasyon se yon operasyon ki fèt pou lavi diran.
  • Esterilizasyon gason: Esterilizasyon pou gason ka fèt nenpòt lè epi l ap rete pou tout lavi. Fòk nou pran desizyon nan kè poze.
WWHD10 Ch15 Page 250-4.png
  • Kapòt: Depi sou premye kontak seksyèl apre avòtman an, nou gen dwa kòmanse sèvi ak kapòt (kapòt fanm oubyen kapòt gason). Kapòt ap pwoteje n tou kont VIH/ SIDA ak lòt MST yo.
WWHND10 Ch13 Page 205-1.png
  • Dyafram: Si n pa gen enfeksyon epi si n pa blese, nou gen dwa mete yon dyafram anvan oubyen apre avòtman an. Si nou mete espèmisid nan dyafram nan, n ap jwenn pwoteksyon tou kont gonore ak klamidya.
wet mucus stretched between a thumb and finger
  • Metòd planin natirèl (metòd “kontwòl glè sèvikal” ak metòd Ojino): Toutotan nou poko rekòmanse gen règ nou nòmalman, metòd sa yo p ap ka bay rezilta.






Nou te mete paj sa a ajou: 19 jen 2025