Hesperian Health Guides

Desizyon pou n fè avòtman an

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Lè n ap deside si n ap avòte, nou dwe gade si gen posiblite, nan zòn kote n ap viv la, pou fanm fè avòtman san danje. Nou dwe gade tou ki konsekans avòtman an, oubyen fè pitit la, ta gen sou lavi nou. Li ka bon tou pou n reflechi sou kesyon sa yo:

Si n pa ka jwenn posiblite pou n fè yon avòtman san danje, fòk nou ta wè si n ka bay pitit la nan adopsyon, si jamè lide sa a pa deranje nou oubyen pa deranje kominote n ap viv la.

  • Eske n ap ka pran swen timoun nan? Eske n ap jwenn ase lajan pou n okipe l?
  • Eske gwosès la mete lavi n an danje?
  • Eske n gen yon mennaj oubyen yon mari ki vle pote kole avè n? Eske n ka reflechi ansanm avè l sou desizyon n ap pran an?
  • Eske relijyon nou oubyen fanmi nou gen pwoblèm ak avòtman? Si se kon sa, Ki jan n ap santi n, si n fè avòtman?
WWHD10 Ch15 Page 243-1.png
  • Ki jan avòtman an ap fèt?
  • Konbyen mwa gwosès la genyen?
  • Eske n konn si n pa gen yon maladi seksyèlman transmisib (MST)?
  • Pou kesyon MST a, gen plis danje pou yon jenn fanm selibatè ki gen yon mennaj tou nèf, oubyen tou pou yon fanm ki deja gen kèk siy MST. Nou gen dwa bezwen laswenyay anvan avòtman an.
  • Ki konplikasyon avòtman an ka pote?
  • Ki kote nou ka kouri al chèche laswenyay, si gen konplikasyon? Ki jan yo ap mennen n ale?


Nan paj k ap vini yo, n ap jwenn enfòmasyon ki ap pèmèt nou wè si gen metòd avòtman san danje nan kominote kote n ap viv la.





Nou te mete paj sa a ajou: 19 jen 2025