Hesperian Health Guides
Chapit 15: Avòtman ak konplikasyon li ka bayn
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 15: Avòtman ak konplikasyon li ka bay

Youn nan rezon ki fè fanm ansent san yo pa vle, epi yo oblije fè avòtman, se paske manke sant planin familyal, epi paske enfòmasyon sou sèks ak kontak seksyèl pa sikile ase.
Lè yon fanm fè yon jan pou l jete yon pitit, yo rele sa “avòtman”. Nan liv sa a, nou sèvi ak mo avòtman an lè n vle di fanm nan fè wete pitit nan pase se sa l te deside fè. Lè yon fanm ansent pèdi tibebe a yon fason natirèl, san l pa t vle, nou rele sa “fòs kouch”.