Hesperian Health Guides

Poukisa gen fanm ki fè avòtman?

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Desizyon fè avòtman pa janm fasil. Yon fanm gen dwa chwazi fè avòtman poutèt:

  • li deja fin genyen valè pitit li ka okipe a.
  • gwosès la ap mete sante l oubyen lavi l an danje.
  • li pa gen yon nonm ki ka ede l pran swen timoun nan.
  • se yon kadejakè ki te ansent li.
  • gen yon moun ki ap ba l presyon pou l fè sa.
  • timoun nan ka fèt ak gwo pwoblèm (li gen yon donmaj depi nan vant manman an).



Metòd planin dijans

Yon fanm ki pa gen plis pase 3 jou depi l te al fè lanmou san pwoteksyon ka rive evite gwosès. Men fòk manmzèl aji vit (gade Metòd planin nan ka ijan).




Nou te mete paj sa a ajou: 19 jen 2025